Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon an Irak Apre Retou Seleksyon an


Football

Seleksyon football Irakyen an retounen nan peyi l anba gwo mezu sekurite kèk jou apre yo sot ranpòte tounwa football Azyatik la.Otorite yo te pran gwo dispozisyon sekurite nan sant kapital la Bagdad kote yo entèdi sikilasyon machin sikile pandan selebrasyon an. 3 jwè seleksyon pou pipiti deside pa retounen an Irak sanble pou rezon sekurite.

Footballè Angle kapab pa patisipe nan rankont Los Anjeles Galaksi gen pou jwe Dimanch nan Kanada fas a Toronto Football Klub la. Antrenè Galaksi Frank Yallop di li difisil pou mete Beckham jwe yon rankont ak pwoblèm lap soufri nan pye.

Vedèt football Brezilyen Juninho, ki te patisipe nan koup du mond FIFA a an 2002 (Japon/ Kore du Sud) pral jwe nan klub Ostralyen Sidney FC nan yon kontra kap dure yon lane. Nouvèl yo pa bay twòp detay sou kontra a ki kapab koute anviwon 857 mil dola dapre medya yo an Ostrali. Juninho pral ranplase Trinidadyen Dwight Yorke ki retounen an Angletè depi 11 mwa kote li pral jwe pou Sunderland.

Feyton foutbolè Carlos Tevez-la gen lè finalman rive nan Bout-li. Tevez ap pote mayo Manchester United pou sezon kap vini la-a . Arjanten-an siyen yon kontra ak Manchester pou sèlman 3 milyon euwo apre yon pakèt rebondisman ant West Ham e Manchester. Tevez ap gen pou pase vizit medikal-la pou konplete transfè-a .

Toujou nan kesyon Transfer : Prezidan Boca Junior-la, Mauricio Macri , deklare jodi-a li pa gen les moyens pou-l kenbe Juan Ramon Riquelme ki sot bay yon pakèt bon boul nan Kopa Amerika-a . Donk Riquelme ap gen pou li ale ann Espay nan jou kap vini la-yo , men li poko klè si lap rete nan Villareal ou byen si li pral nan yon lòt klub.

Klub Angle yo tonbe nan move pou l nan okazyon tiraj osò 3 zièm tou lig dè chanpyon Eropeyen an. Liverpool ki te pèdu an final fas a klub Italyen Milan AC, gen pou rankontre ak klub franse Toulouz. Arsenal gen pou l jwe kont klub Republik Tchèk Sparta de Prag epi Celtics Glasgow gen pou jwe ak Spartak de Moskou. Tiraj osò a ki dewoule jodi a nan vil Nyon an Swis mete bab pou bab klub Olandè Ajax Amsterdam kont Slavia de Prag or Zilina. FC Seville ap jwe kont AEK dAtè n epi Valencia pral woule balon fas a klub Ongwa Debrecen ou byen klub Swedwa Elfsborg. Seri ale a ap jwe le 14 e 15 Out epi match retou yo fikse pou 28 e 29 Out. Venkè yo ap kalifye pou pasipe nan staj pa group la.

Otorite yo anonse lansman tounwa football de plaj kap dewoule nan Acapulco O Meksik soti 9 pou rive 11 Out. Kosta Rika, El Salvador, Meksik ak Etazuni ap patisipe nan kwadrangulè anuèl konpetisyon an. 2 premye yo ap kalifye pou faz final chanpyona du mond football de plaj FIFA a kap dewoule nan Rio de Janeiro o Brezil soti 1 pou rive 11 Novanm ane sa a. Acapulco ap akeyi 3 klub nan Amerik du Sud la Arjantin, Urugwe ak Venezuela. 2 meyè yo ap kalifye pou faz final la. Kalifye yo ap patisipe nan plizyè match amikal antre yo le 12 Out.

Federasyon Footbal Entènasyonal la fè konnen tout tès anti dopaj yo fè pandan dewoulman koup du mond Juniò a nan Kanada negatif. Responsab yo di yo fè 208 dròg tès pandan 52 rankont. Apre chak match yo seleksyone 2 jwè pou fè tès la. FIFA fè konnen depi 1994 yo fè plis pase 4 mil tès pandan dewoulman konpetisyon yo sèlman 4 soti pozitif.

Finalman antrenè chinwa a Zhu Guanghu demisyone apre echèk ekip la te subi nan koup Azyatik la. Federasyon an te deja ap chache yon ranplasan.

Tennis

Amerikèn Serena Williams deklare fòfè pou tounwa Los Angeles ki dwe demare lendi kap vini la-a. Amerikèn ki blese nan pous men goch-la, pa jwe yon match depi li te pèdu nan kar de final Wimbledon kont Justine Henin Hardenne.

Nan tounwa-a Leg Mason-nan : fransè Julien Benneteau tonbe nan 8e de final devan sud-koreyen Hyung-Taik Lee an 3 sèt : 2-6, 6-2, 6-3. Sepandan yon lòt fransè , ti Gael Monfils kalifye pou kar de final gras ak viktwa-l sou alman Michael Berrer an 3 sèt 6-7, 6-3, 6-3. Lap rankontre nan kar de final ak rus Marat Safin ki elimine olandè Robin Haasse. Kalifikasyon tou pou ameriken Anddy Roddick ki te bezwen 3 manch pou l debarase l de Tchèk Radek Stepanek 6-3, 1-6, 7-5. Alman Tommy Haas elimine ameriken Michael Russell 6-3, 6-4. Rus Marat Safin te fè anpil efò avan li kale Olandè Robin Haase 7-5, 6-7, 7-5.

Rus Maria Sharapova pase franse Tatiana Golovin 2 kout rakèt 6-0, 6-3 nan tounwa tenis feminen Acura Classic la kap dewoule nan Carlsbad an Kalifòni.Ameriken Venus Williams elimine Slovak Daniela Hantuchova 6-0, 6-3.. Martina Hingis tonbe devan konpatriòt li Patty Schnyder 6-1, 6-7, 6-3.

XS
SM
MD
LG