Accessibility links

Breaking News

Prezidan Palman Ayisyen an Dakò ak Lide pou MINUSTAH Rete Toujou nan Peyi a


Prezidan palman ayisyen an, Senatè Joseph Lambert, fè konnen genyen yon konsansis pami manm Pouvwa Lejislatif la pou Misyon Nasyon Zini Pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) rete nan peyi a pi lontan ke peryòd manda misyon an prevwa a. Misye Lambert fè deklarasyon sa a aprè yon rankont Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, te fè ak palmantè yo pandan pasaj li nan Pòtoprens. Pandan vizit sa a, misye Ban te anonse li dispoze fè sa l kapab pou Konsèy Sekirite l'ONU an renouvle manda MINUSTAH a pou yon lòt ane.

Daprè nouvèl ki sòti nan rejyon nò peyi Dayiti, se pa tout sektè nan popilasyon an pa genyen menm lide sou kesyon pou konnen eske twoup Mentyen Lapè l'ONU yo ta dwe rete nan peyi a panda yon tan ki depase manda yo. Yon lòt kote, yon òganizasyon pèyizan nan sid Ayiti lanse apèl bay palman an pou mande l rekonsidere akò ki pèmèt ajan DEA (Ajans Ameriken pou Kontwòl Dwòg) opere nan peyi a.

Anfen, yon ansyen palmantè mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) fè tout sa l kapab pou l respekte lwa elektoral la e òganize eleksyon nan mwa novanm 2007 la pou l renouvle yon tyè sena a, jan konstitisyon an mande l la.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo, epi dènye edisyon Pawòl Timoun avèk Jaquelin Bélizaire.

XS
SM
MD
LG