Accessibility links

Breaking News

Alkòl se Petèt Rezon Brezil Pèdu Koup du Mond Football 2006 la


Football

Prezidan federasyon football Brezilyen Ricardo Texeira fè konnen kèk pami footballè brezilyen yo te retounen hotèl la ivr ( sou) apre yo te pèmèt yo soti pandan kar de final koup du mond 2006 la. Msye Texeira ki fè revelasyon an pat vle site oken nou men li di yon group nan footbalè yo te konsome anpil alkòl. Msye Texeira kritike Ronaldo li di ki te twò lou ( 98 kilo ou 216 liv). Msye Texeira mande pou chache yon lòt Ronaldo akoz Ronaldo jodi a kapab twò gran moun pou l patisipe nan yon koup du mond. Msye di seleksyon an bezwen plis disiplin se rezon ki fè li nonmen Dunga pou ranplase Carlos Alberto Parreira. Deklarasyon sa a sanble justifye rezon ki fè Brezil te elimine nan semi final koup du mond la fas a la Frans.

Seleksyon nasyonal football maskulen ameriken gen pou rankontre ak Meksik 9 Septanb pou yon 3 zièm fwa pandan ane a. Premye Match amikal kap jwe sou teritwa Meksiken depi 1984. Antrenè seleksyon ameriken Bob Bradley fè konnen jwe rankont la nan stad Azteka nan Meksiko Siti pral sèvi kòm yon opòtunite pou evalue pwogram football ameriken an.

Federasyon Football Entènasyonal fè yon pase men nan kalandriye rankont koup du mond Football feminen pou evite yon konfli ak yon dat enpòtan nan istwa la Chin dapre anons ki fèt yè Mèkredi a. FIFA fè konnen rankont ki te dwe jwe 18 Septanb ant Angletè ak Arjantin ak jwe le 17 Septanb menm jou Almay ap rakontre Japon. Koup du mond la ap kòmanse 10 pou l fini 30 Septanb.

Houston Dinamo kale DC United 1 a 0 pou l kalifye pou semi final Superliga a. Nan semi final Houston ap rankontre ak Pachuka. D-C United kalifye pou semi final la apre klub Amerika kale Monarcas Morelia 3 a 2. DC United ap rankontre nan lòt semi final la fas a Los Anjeles Galaksi.

Gadyen d-bu seleksyon franse a Gregory Coupet pran yon kanpe lwen pou 4 mwa apre li pran yon zòbòy pandan li tap antrene ak Olenpik de Lyon. Move nouvèl pou klub franse a kap akeyi Auxerre Dimanch nan ouvètu chanpyona premyè divizyon franse a. Coupet kapab rate 4 match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon pou seleksyon franse a. La Frans gen pou l jwe yon match enpòtan kont Itali le 8 Septanb nan vil Milan.

Otorite Italyen yo ap pèmèt footbalè Thomas Manfredi kap jwe nan Atalanta kontinye jwe match amikal malgre entèdiksyon 3 mwa lap fè fas pou tèt li te parye nan match football. Ankèt otorite yo men-nen revele plis pase 20 jwè enplike nan paryaj sou match ant 1998 a 2005--yon operasyon ki koute plis pase 14 milyon dola. Rezon ki fè otorite yo aksepte Manfredi kontinye jwe match ekzibisyon se pou pèmèt li toujou rete an fòm pandan lap purje pè n nan.

Tennis

Alman Michael Berrer elimine ameriken Mardy Fish 7-6, 6-4 pou l pase nan 3 zièm tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington. Swedwa Thomas Johansson kalifye tou apre li elimine chanpyon sòtan an franse Arnaud Clement 1-6, 6-3, 6-4.

Òganizatè tounwa tenis Feminen pou fen ane a anonse numewo 1 tenis mondyal la bèlj Justine Hardenne ak Sèb Jelena Jankovic kalifye pou tounwa a kap dewoule nan fen ane a nan vil Madrid. Henin ki te ranpòte tounwa a ane pase ap domine tounwa tenis feminen an ak 5 tit. 8 meyè jwè tenis feminen pou ane a kalifye pou tounwa a kap kòmanse 6 Novanm ak yon prim 3 milyon dola.

Basketball

Responsab San Antonio Spurs yo anonse basketè franse Tony Parker pap patisipe nan toune san basketball san fwontyè a 2007 la akoz li pran yon zòbòy nan pye pandan li tap patisipe nan antrenman ak seleksyon franse a. Basketè franse a gen pou retounen Ozetazuni kote li pral swiv tretman.

Basketè ameriken Kevin Garnet ki sot transfere soti nan Minnesota Timberwolves pou l al jwe nan Boston Celtics pwolonje kontra l 60 milyon dola pou 3 zan kap kòmanse apre kontra aktuèl la ekspire disi 2 zan dapre jounal Boston Globe.

Antant la vo 51 milyon dola pou 3 zan an kap kòmanse a pati de sezon 2009-2010 ak yon bonus 8.8 milyon dola ki divize sou yon periòd 5 kan. Dapre nouvèl yo Garnett vo 90 milyon dola sou mache a sou yon periòd 3 zan. Situasyon an konplike pou Minnesota Timberwolves apre yo boukante Kevin Garnett ak Boston Celtics

XS
SM
MD
LG