Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral l'ONU an Pran Angajman pou MINUSTAH Rete nan Peyi Dayiti Pandan yon Lòt Ane


Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, k ap vizite Pòtoprens, pran angajman pou Fòs Mentyen Lapè l'ONU an (MINUSTAH) pase yon lòt ane nan peyi Dayiti --sètadi li pral fè efò pou Konsèy Sekirite a renouvle manda misyon an yon fwa ankò.

Yon lòt kote, nan vil Jakmèl, ajan antidwòg ayisyen fè yon desant-de-lye nan yon mezon finèb kote yo sezi zam e yo sòti ak yon valiz san yo pa di sa ki ladan n. Nouvèl la fè konnen depi lavèy lapolis ta poze arestasyon mèt mezon finèb la nan Pòtoprens. Nan vil Okay menm, yon nèg ki te fè tèt li pase pou yon doktè kiben, tonbe anba men otorite yo, nan kad yon operasyon dirijan yo lanse pou yo desitire aktivite swadizan klinik k ap fonksyone ilegalman. Se konsa tou yo arete plizyè moun ki t ap vann medikaman nan lari.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo, plis Dosye Spò (avèk Jean-Robert Philippe) e Demokrasi ann Aksyon (avèk Jacques Jean-Baptiste) pou jounen jedi 2 out 2007 la.

XS
SM
MD
LG