Football
Football ameriken Freddy Adu ki gen 18 tan jwen yon antant pou l al jwe nan klub Eropeyen Benfica de Lisbòn an atandan rezulta yon ekzamen medikal. Yon responsab klub la, ki mande pou nonn pa site, di pa gen oken pwoblèm akoz pati konsène deja antann yo. Nouvèl yo ajoute transfè a kapab koute anviwon 2 milyon dola.
Los Anjeles Galaksi kale FC Dallas 6 a 5 pou l pase nan semi final Superliga a malgre absans David Beckham. Galaksi pral rankontre nan semi final la klub Meksiken Pachuka ki elimine Chivas de Gwadalajara 1 a 0. Responsab yo klub football Kanadyen Toronto FC anonse pa gen oken ranbousman nan okazyon rankont Los Anjeles Galaksi kont Toronto FC si David Beckham pa jwe akoz lap soufri ak yon blesu.
Dirijan Dubai yo fè seleksyon nasyonal Irak la kado 5.5 milyon dola pou viktwa yo ranpòte nan koup Azyatik la.
Antrenè Olandè Guus Hiddink di li ta renmen rete nan tèt seleksyon Rus la apre kontra l ekspire an 2008. Anons sa a fèt apre rumè te fè konnen Hiddink tap kite djòb la si Rus yo ta elimine nan koup dEròp dè nasyon an.
Antrenè Olenpik chinwa a Ratomir Dujkovic ta renmen pran tèt seleksyon nasyonal seniò a apre je zolenpik Peken 2008 yo. Aktyèl antrenè a Zhu Guanghu, poko renmè demisyon n apre eliminasyon seleksyon an nan koup Azyatik la. Nouvèl yo rapòte federasyon football chinwa a kòmanse chache yon ranplasan. Dujkovic te nan tèt seleksyon Gana ki te elimine nan faz dechoukaj koup du mond Almay 2006 la fas Brezil.
Atletisme
Atlèt Britanik Paula Radcliffe ki se detantè rekò du mond maraton feminen an pap patisipe nan chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule O Japon soti 25 Out pou rive 2 Septanb akoz li ansent. Manmzèl kenbe rekò a depi Avril 2003. Radcliffe di priyorite l se patisipe nan Je zolenpik Peken 2008 yo.
BAskettball
Kevin Garnett ki pase 12 zan ap jwe nan Minnessota, pral jwe nan Boston Celtics dapre yon boukantay ki fèt ant 2 klub yo. An retou Minnessota ap resevwa 5 jwè ak 2 premye jwè Celtics yo ap genyen nan tiraj osò pwochen sezon an.
Tennis
Jwè tenis Endyen Sania Mirza ranpòte yon viktwa supriz nan tounwa tenis Acura Classic kap dewoule nan San Diego Kalifòni gras ak 3 kout rakèt li pase Izrayelyen Shahar Peer 6-3, 4-6, 6-2. Ameriken Meilen Tu tonbe fas anba devan Tchèk Lucie Safarova 6-4, 6-3 sepandan ameriken Meghann Shaughnessy pat rankontre difikilte pou l kale Rus Olga Poutchkova 6-3, 6-1.