Football
Antrenè seleksyon Nasyonal ayisyen an Kuben Luis Amelio Garcia kapab abandone djòb la dapre deklarasyon prezidan federasyon an Yves Jean Bart fè nan jounal Le Nouvelis. Responsab Federasyon an di rezon ki kapab dèyè desizyon an se akoz msye Amelio twò ekzijan nan demand li fè federasyon an tankou peye l tout 12 mwa salè 5 mil dola ameriken lè lap renouvle kontra apre 31 Juyè. Nouvèl la pran la ri nan moman Ayiti ap pare pou l jwe yon match amikal ak klub arjanten Boca Junior Samdi. Sa pa gen lontan responsab federasyon an te deklare gen lòt peyi nan rejyon an ki ta renmen jwen sèvis Amelio.
Nap swiv DC United fè match nul 1 a 1 ak Morellia pandan ke Houston Dinamo kale klub Meksiken Amerika 1 a 0 nan tounwa Superliga a.
Responsab Unyon Football Eropeyen an radye patizan de Belgrad pou l pa patisipe nan oken konpetisyon Eropeyen epi pou l peye yon amand plis pase 50 mil dola akoz movè konpòtman fanatik yo. Desizyon an baze sou le fè ekip la enplike nan 25 ensidan sou yon total 30 rankont pandan 5 dènye ane yo. Klub la gen 3 jou pou ale an apèl ak desizyon an.
Seleksyon footbal Japonè a poko kapab reprrann li apre Arabi Sawoudit demantibile l nan semi final koup Azyatik la. Japonè yo rate chans pou te ranpòte konpetisyon an 3 fwa afile. Dimanch kap vini la a, Arabi Sawoudit ap rankontre Irak nan final koup Azyatik la. Kore du Sud, ki elimine devan Irak, pral jwe match konsolasyon an fas a Japon. Koreyen yo espere sèvi ak rankont la pou efase echèk yo subi devan Irakyen yo ki pat favori nan konpetisyon an.
Je Panameriken
Kourè Meksiken Ana Gabriela Guevara ranpòte pou yon 3 zièm fwa afile kous 400 mèt feminen Je Panameriken yo kap dewoule nan Rio de Janeiro o Brezil. Jamayiken an Deloreen Ennis-London ranpòte kous 100 mèt obstak la. 50 fanatik Irakyen pou pipiti mouri ak 90 lòt blese nan moman yo tap selebre kalifikasyon ekip la nan final koup Azyatik la lè 2 bonb eksploze.
Siklis
Siklis Italyen Daniele Bennati ranpòte 17 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans pandan ke espayòl Alberto Contador toujou nan klasman jeneral la yon jou apre responsab yo te diskalifye siklis Danwa Michael Rasmussen ki ta vyole règleman entèn ekip la. Rasmussen te ranpòte 16 zièm etap konpetisyon an yè Mèkredi e te nan menm pozisyon pou l ranpòte edisyon 2007 la kap fini dimanch nan vil Pari. REspondab yo akuze Rasmussen ki rate yon seri de tès dròg an Jwen. Yè Mèkredi la polis franse arete siklis Italyen Cristian Moreni apre li pa pase yon tès dròg epi yo msye gen yon wo nivo testosteron pandan 11 zièm etap konpetisyon an.
Basketball
Seleksyon basketball franse kapab pa gen sèvis Boris Diaw pou match kalifikatif Ero 2007 la akoz diskusyon ki genyen ak Phoenix Suns sou yon kesyon asurans.