Accessibility links

Breaking News

Eskandal Dopaj Frape Tour de Frans la


Cyclisme

Tour de France Plizyè douzè n siklis kap patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la patisipe nan yon manifestasyon konsènan skandal dopaj ki afekte konpetisyon an. Manifestasyon a an dewoule avan debu 16 zièm etap la. Yè Madi a responsab yo te ekspulse Kazakstan Alexandre Vinokourov ak tout ekip la apre li te teste pozitif pou dopaj--akuzasyon siklis la rejte pandan li fè konnen se yon pèsekusyon ekip la ap subi. Bò kote pa l Minis Sante ak Spò franse a Roselyne Bachelot anonse posibilite pou gen plis siklis ki teste pozitif pandan dewoulman konpetisyon an.

Football

Irak kale Kore du Sud sou tir de penalite 4 a 3 pou l kalifye nan final tounwa football Azyatik la. Irakyen yo pral rankontre Arabi Sawoudit ki kale Japon 3 a 2 nan lòt semi final la.

Angle David Beckham te sou chita sou ban nan viktwa 2 a 1 Los Anjeles Galaksi ranpòte devan klub Meksiken Pachuka nan kad match Superliga a. Antrenè Galaksi a Frank Yallop di gen posibilite pou Beckham jwen nan pwochen rankont ekip la gen pou jwe kont Chivas de Gwadalajara.

Federasyon football Chinwa a ap chache yon nouvo antrenè apre echèk seleksyon an nan koup Azyatik la. Nouvèl yo site ansyen vedèt football franse Jean Pierre Papin, Alman Berti Vogts ak Olandè Ruud Gullit figure sou lis kandida favori yo.

Antrenè seleksyon alman an Joachim Loew rekonèt kantite jwè ki blese nan seleksyon kapab gen yon enpak nan pwochen match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon Alman gen pou jwe fas a peyi dè Gal ak Irland an Septanb san bliye yon match amikal kont Angletè 22 Out.

Je Panameriken

Atlèt ayisyen Nadine Faustin Parker kalifye pou final kous 100 mèt feminen Je Panameriken yo kap dewoule nan Rio de Janeiro o Brezil. Ginou Etienne elimine nan kous 400 mèt feminen an. Nan BAsketball Etazuni ranpòte meday dò devan Brezil ke li kale 79 a 68. Se premye tit ameriken yo ranpòte depi 20 tan. Nan tablo meday yo Etazuni toujou nan tèt lis la ak yon total 64 meday an ò-Kuba klase 2 zièm ak 31 meday dò epi Brezil ranmase 29 meday dò. Ayiti pami dènye yo ak yon meday de bronz.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Indianapolis la apre li kale konpatriòt li Alex Kuznetsov 6-4, 6-0. Chanpyon sòtan an ameriken James Blake te fè anpil efò avan li kale Swedwa Thomas Johansson 7-5, 7-6.

Volleyball

Philippines kale Ostrali an 3 manch nan chanpyona du mond vollebòl de plaj kap dewoule an Swis. Bò kote mesye yo Republik Tchèk suprann la Rusi ak yon viktwa epi Norvèj kale Brezil byen kale.

XS
SM
MD
LG