Accessibility links

Breaking News

Ofisyèl Ameriken ak Ayisyen Konfime Operasyon Anti-Dwòg la ap Kontinye


Ayiti-Dwòg : Premye minis Jacques Edouard Alexis ak anbasadè ameriken an, Janet Sanderson, fè konnen operasyon lapolis ayisyèn ak ajan DEA lanse semèn pase a ann Ayiti pral kontinye, daprè dispozsiyon yon akò ki te pase ant Ayiti ak Lèzetazini. Misye Alexis repete yon avètisman li te lanse semèn pase a nan Jakmèl kote l te fè konnen lapolis ap mete anba kòd nenpòt ki moun ki mele nan trafik dwòg.

Aksyon DEA ann Ayiti / Reyaksyon: Nan vil Okay --kote lapolis Dayiti ak ajan DEA, ki t ap chache trafikan dwòg, te lanse operasyon semèn pase a sou kay Guy Philippe, ansyen lidè rebèl, ansyen kandida a la prezidans e lidè pati politik Fwon pou Rekonstriksyon Nasyonal-- eben, nan vil Okay yon mikwo twotwa montre moun yo pa gen menm opinyon sou desantdelye sa a. Pandansetan, misye Philippe fè parèt yon anrejistreman kote li denonse operasyon lapolis ak DEA a, li demanti pawòl k ap di li mele nan trafik dwòg, e li mande reparasyon pou dega operasyon sa a koze nan kay li.

Ayiti-Eleksyon : Gouvènman lokal yo mande otorite konsène yo prese enstale kandida ki te ranpòte dènye eleksyon lokal e rejyonal yo. Nouvèl la raple ke nouvo eli sa yo genyen yon gwo wòl pou yo jwe nan fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Ayiti-Envestisman ak Sekirite: Yon gwoup òmdafè gwadloupeyen ki t ap vizite rejyon nò Ayiti, atire atansyon sou nesesite pou peyi a genyen sekirite paske, daprè vizitè sa yo, se youn nan kondisyon pou envestisè etranje al fè biznis ann Ayiti.

Anfen, kisa lalwa amerikèn di sou abi papa oubyen manman komèt sou pitit yo? Se kesyon sa a Ronald César chache reponn nan edisyon Justice USA jodiya, tandiske nan Demokrasi ann Aksyon Jacquelin Bélizaire poze kèk kesyon sou dwamoun nan yon sosyete demokratik.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG