Accessibility links

Breaking News

Kameroun Ranpòte Tounwa Football Je Afriken yo


Atletisme

Kameroun kale Guine 1 a 0 pou l ranpòte tit chanpyon Je Afriken yo kap dewoule nan Aljeri. Nan klasman jeneral la Ejipt nan tèt ak yon total 199 meday pami yo 74 an ò. Aljeri, kap òganize konpetisyon an klase 2 zièm ak yon total 204 meday pami yo 70 an ò. Afrik du Sud klase 3 zièm ak yon total 180 meday pami 61 an ò epi nou Nijerya ak yon total 159 meday pami yo 50 an ò.

Atlèt kuben Yipsi Moreno refè menm eksplwa lite fè nan Je Panameriken Santo Domingo yo sa gen 4 tran nan lanse mato a. Moreno bat pwòp rekò l lè li lanse mato a sou distans plis pase 75 mèt.

Football

Nan Football balonwon Brezil kale Meksik 2 a 0 pou l kalifye nan final konpetisyon an. Nan football an sal Brezil tronse Gwatemala 4 a 1. Paragwe ranpòte yon viktwa tou mens devan Kuba 2 a 1 epi Costa Rika danse sou Ekwatè 6 a 4. Nan tablo meday yo Etazuni toujou nan tèt klasman jeneral la 58 meday an ò pou yon total 143 meday. An 2 zièm pozisyon nou jwen Kuba ak yon total 30 meday dò pou yon total 62 epi òganizatè konpetisyon an Brezil ki ranmase 27 meday an ò swa yon total 62 meday. . CN-36

Je Zolenpik/ Chine

Medya leta chinwa yo anonse gouvènman chinwa a kòmanse yon pwojè 75 milyon dola pou founi enèji elektrik pandan dewoulman Je zolempik yo. Pwojè elektrik moulen a van an prevwa konstruksyon 33 nouvo jeneratè an deyò kapital la ak kapasite pwoduksyon 100 milyon kilowat elektrisite chak ane. Responsab yo gen plan redui sikilasyon otomobil swa yon total 1 milyon machin mwa pwochen an kòm tès pou redui trafik ak brouya avan je yo kòmanse

Tennis

Kararina Srebrotnik kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis West Classic feminen an apre li kale Rus Olga Poutchkova 6-3, 6-4. Ameriken Sam Querrey kale franse Julien Benneteau 7-6, 6-1 pou l pase nan 2 zièm tou tounwa tenis RCA a nan Indianapolis. Franse Gilles Simon suprann Rus Nicolay Davidenko 6-2, 6-2, 6-3 nan premye tou tounwa tenis Open Kwat la. Belarus Max Mirnyi elimine nan tounwa tenis Otrich la devan Otrichyen Rainer Eitzinger 6-4, 3-6, 7-6. Eitzinger pral rankontre chanpyon sòtan an arjanten Agustin Calleri.

XS
SM
MD
LG