Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Kanadyen an, Stephen Harper, ap Vizite Ayiti Vandredi 20 Jiyè 2007 la


Pòtoprens: Premye Minis Kanada a, Stephen Harper, ap rive ann Ayiti jodi vandredi 20 jiyè a pou yon vizit kote li pral rankontre --antwòt-- avèk Prezidan René Préval, epi vizite kèk pwojè devlopman AKDE (Ajans Kanadyen pou Devlopman Entènasyonal) ap finanse. Pandan anbasadè kanadyen an ann Ayiti, Claude Boucher, t ap fè kòmantè sou vizit sa a, li di sa montre enterè Ottawa nan travay rekonstriksyon peyi karayib la. Diplomat la raple ke Kanada ap mete a la dispozisyon Ayiti yon plan asistans global 550 milyon dola pou 5 ane k ap vini yo.

Ayiti-Sekirite: Yon lòt kote, yon moun mouri yè jedi 19 jiyè a nan rejyon Ti Gwav kote lapolis ak manm MINUSTAH te mennen yon seri de operasyon pou yo chache zam ilegal mon sere nan zòn nan. Pandansetan Premye Minis aysiyen an, Jacques Edouard Alexis, anonse gouvènman an pral ogmante efektif Polis Nasyonal Dayiti dekwa pou fòs la ka fè yon travay ki pi efikas nan efò l ap deplwaye pou l bay popilasyon an sekirite.

Ayiti-Repiblik Dominikèn: Apèl sòti nan Depatman Plato Santral la pou mande gouvènman an mete plis mwayen a la dispozisyon responsab yo sou fwontyè a pou yo kapab pi byen resevwa imigran ilegal ayisyen otorite dominiken yo ap voye tounen.

Dwadelòm: Anfen Dwa Timoun an Ayiti : Se tèm Jacquelin Bélizaire devlope nan segman <<Pawòl Timoun>> nan edisyon vandredi 20 jiyè 2007 la.

------------------------------------------------------------------------------------------------------- Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG