Football
Footbalè Angle David Beckham rive nan Los Anjeles yè swa nan kad kontra li genyen ak Los Anjeles Galaksi. Otorite yo ap prezante msye ofisyèlman bay fanatik yo. Beckham ap debute nan nouvo klub la nan okazyon yon match amikal Galaksi gen pou jwe kont Chelsea 21 Juyè. Nap raple ke Tchelsi twouve-l nan staj an Kalifòni kote lap prepare nouvo sezon-an.
Nan Kanada se demen Samdi-a kar de final koup du mond Juniò a ap demare : Otrich ap rankontre ak Etazuni pou yon plas nan semi final la epi Espay kont Republik Tchèk. Dimanch 15 Juyè Chili kont Nijerya epi Arjantin kont Meksik.
Otorite FIFA yo anonse yap seleksyon peyi kap akeyi koup du mond 2014 kategori maskulen ak feminen 2011 la 29 Oktòb. Brezil se sèl peyi ki kandida pou akeyi konpetisyon an an 2014. Gen 5 peyi, Ostrali, Kanada, la Frans, Almay ak Pewou se 5 peyi ki kandida pou akeyi 6 zièm edisyon koup du mond football feminen an. Peyi sa yo dwe soumèt tout dokuman nesesè pa pita ke 15 Oktòb. Peyi ki vle talon-nen brezil pou koup du mond 2014 la gen juska 31 Juyè pou depoze dokuman ak garanti nesesè.
Demen Samdi a nan Venezuela Urugwe ap jwe k ont Meksik pou 3 zièm plas Kopa Amerika a. Dimanch duèl ant 2 jeyan football Amerik du Sud la lè Brezil ap rankontre ak Arjantin nan final konpetisyon an.
Konsènan final la antrenè seleksyon Brezil la Dunga rekonèt Arjantin merite rive nan final la akoz kanpay yo men-nen depi debu konpetisyon an. Dunga fè konnen li pral difisil pou Brezil konsève tit la ke li te ranpòte fas a Arjantin sou tir de penalite.
Irak supran Ostrali ak yon viktwa 3 a 1 nan koup football Azyatik la ki jwe jodi a. Antrenè Ostralyen an Graham Arnold te deklare lap konsidere kòm yon echèk si seleksyon an pa rive nan final.Nan lòt rankont Japon toupizi Emirat Arab Uni yo 3 a 1 pou l mete a egalite ak Vyetnam pou premye plas la. Vyetnam ak Japon gen pou rankontre Lendi nan dènye match group B a kap dewoule nan Hanoi.
Je Panameriken
Je Panameriken yo demare nan vil Rio de Janeiro o Brezil kote Brezil woule Urugwe 4 a 0 nan premye jounen tounwa football feminen an nan group A a. Jamayik ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Ekwatè. Nan group B a Etazuni danse sou Paragwe 7 a 1 pandan ke Arjantin tronse Panama 2 a 0. Toujou nan je yo otorite yo suspann 3 atlèt Meksiken ak yon brezilyen pou uzaj anabolizan. Otorite yo pa revele idantite atlèt yo.
Baketball
Basketè ameriken Vince Carter kap jwe nan New Jersey Nets jwen sekurite finansyè li tap chache a apre klub la resisyen yon kontra 4 tran pou anviwon 61 milyon dola. New Jersey kenbe dwa opsyon pou l pwolonje kontra a pou yon 5 kièm ane si nesesè. Vince Carter jwe tout 82 rankont sezon regulye a pou New Jersey Nets ak yon mwayèn 25 pwen edmi par match.
Jounal Los Anjeles Times rapòte Derek Fisher dakò yon kontra de prensip ak Los Anjeles Lakers kap rapòte 14 milyon dola pandan 3 zan. Sa gen 2 zan Fisher te mande pou Utah Jazz libere l pou l te kapab relokalize l nan yon zòn apopriye kote yon pitit fi l kap soufri ak yon kansè nan Je kapab resevwa swen.
Cyclisme Tour de France
Siklis Bèlj Tom Boonen ranpòte 6 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri 199.5 kilomèt avan yo kòmanse grenpe mòn Alp yo demen Samdi a. Siklis Swis Fabian Cancellara toujou konsève mayo jò nan nan klasman jeneral la pou yon 7 tièm jounen afile.
Je Afriken
Afrik du Sud ranpòte 4 meday dò nan Je Afriken yo kap dewoule nan Aljeri. Konpetisyon an ap fini le 23 Juyè.
Volleyball
Etazuni ak la Rusi ranpòte la viktwa nan chanpyon du mond lig volleyball la. Etazuni kale la Frans ak 3 set epi la Rusi woule Bulgari an 3 set tou. Jodi a la Rusi ap rankontre Brezil. 2 premye nan chak group yo ap rankontre demen SAmdi a nan semi final la epi final la fikse pou Dimanch.
Tennis
Ameriken Serena Williams pap reprezante Etazuni nan semi final koup Federasyon an fas a la Rusi semen sa a apre blesu li te resevwa pandan tounwa tenis Wimbledon nan.. La Rusi pap gen sèvi Maria Sharapova tou akoz doulè nan zèpòl. Nan lòt semi final la La Frans pral jwe kont Itali.