Accessibility links

Breaking News

Duèl ant Arjantin ak Brezil nan Final Kopa Amerika a


Football

Gabriel Heinze, Juan Ramon Riquelme epi Lionel Messi make yon gòl yo chak pou pèmèt Arjantin kalifye pou final Kopa Amerika a apre yo kale Meksik 3 a 0. Arjanten yo, ki gen yon ekip solid, pral jwe ak seleksyon B brezil la ki kale Urugwe anba redu sou tir de penalite 5 a 4 ak konplisite abit la. Rande vou a se pou Dimanch apre midi a 3 zè hè Ayiti ou 4 trè lhè Washington. Samdi Meksik ap jwe kont Urugwe nan match konsolasyon an.

Nan Kanada kote chanpyona du mond Juniò a ap dewoule, jodi a 8 tièm de final la ap rapousib lè Arjantin ap rankontre la Polòy. Meksik kont Kongo. Chili kont Portugal epi Zambi kont Nijerya.

Yè swa Etazuni kalifye pou kar de final la apre li kale Urugwe 2 a 1. Ameriken yo pral rankontre ak Otruch ki elimine Gambi 2 a 1. Espay rive nan kar de final la apre li debarase l de brezil ak yon swif 4 a 2. Espayòl yo pral rankontre ak Republik Tchèk ki elimine Japon sou tir de penalite 4 a 3 apre tan reglemantè a te fini 2 a 2.

D.C United tonbe 1 a 0 devan Harrisburg, yon klub 3 zièm divizyon nan kad koup US Open nan.

Seleksyon football Tailand la ranpòte yon viktwa 2 a 0 nan koup Azyatik la pou kenbe l nan tèt group A ak 4 pwen. Oman, Ostrali ak Irak gen yon pwen yo chak. Nan group B a Katar fè match nul 1 a 1 ak Vyetnam.

Real Madrid ap louvri sezon football espayòl la fas a Atletico pandan weekend 25 e 26 Out la. Lòt rankont Valencia kont Villarreal. Real Madrid ap kòmanse defann tit sezon pase a ak nouvo antrenè Berndr Schester ki ranplace Italyen Fabio Capello.

Konfederasyon Football Afriken an suspann prezidan federasyon football Togo a pou 8 tan epi suspann avi yon abit Gambyen pou patisipasyon yo nan eskadal kout lajan anba tab. Yon responsab football peyi a resevwa yon suspansyon 4 tran. Responsab la te bay abit la lajan anba tab nan okazyon match footbal Kadè ant seleksyon an ak seleksyon Tunizi an mwa Mas la. Yon rankont Togo te pèdu 3 a 0 menm lè yo kalifye pou faz final la koup du mond kadè a kap dewoule an Kore du Sud.

Cyclisme Tour de France

Siklis Italyen Filippo Pozzato ranpòte 5 kièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 182 kilomèt edmi. Siklis Swis Fabian Cancellara toujou rete nan tèt klasman jeneral la pou yon 6 zièm fwa afile.

Volleyball

Seleksyon volebòl maskulen Bulgari a suprann chanpyon sòtan an Brezil ak 5 manch nan kad faz final chanpyonan lig Volebòl la kap dewoule nan Polòy. La Polòy kale la Frans an 5 manch. Chanpyona a ap rapousib jodi a lè Bulgari ap rankontre la Rusi epi Etazuni kont la Frans. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou semi final la. Final la fikse pou Dimanch.

XS
SM
MD
LG