Accessibility links

Breaking News

"Lèzetazini Dispoze Ede Ayiti Tounen yon Pi Bon Peyi pou Tout Moun", daprè Anbasadè Janet Sanderson


Ayiti-Kowoperasyon : Anbasadè ameriken an nan peyi Dayiti, Janet Sanderson, fè konnen Washington dispoze kontinye kowopere avèk Pòtoprens pou ede Ayiti tounen yon pi bon peyi pou tout moun. Diplomat la fè deklarasyon sa a pandan li t ap resevwa yon delegasyon militan ak pwofesyonèl ayisyen ki te fèk sòt patisipe nan yon konferans La Mezon Blanch te òganize nan Washington.

Ayiti-Sante: Yon lòt kote, direktè jeneral Depatman Sante Piblik ayisyen an, Doktè Gabriel Timothée, fè konnen fo medikaman k ap sikile sou mache nasyonal la sòti nan yon laboratwa k ap opere nan Repiblik Dominikèn.

Ayiti-Jistis: Nan nò peyi Dayiti, lapolis arete yon nèg ki anba akizasyon deske li ta mele nan konplo pou gate fèt patwonal ki pral dewoule nan rejyon an. Epi nan sid peyi a, militan dwamoun yo lanse apèl bay otorite yo pou yo mande endepandans lajistis vizavi Pouvwa Egzekitif la, jan sa fèt nan tout demokrasi.

Ayiti Spòtif: Anfen, nan Dosye Espò, kòlèg nou Jean Robert Philippe rankontre Misye Guy Dumesle, prezidan delegasyon atlèt ayisyen k ap patisipe nan Je Pan-Ameriken yo nan Rio de Janeiro, o Brezil.

Klike sou lyen anlè a pou w kote devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG