Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo ap Konbat Lavant Pwodui Famasi ki Ekspire


Ayiti-Sante: Responsab lasante ayisyen yo lanse yon kanpay pou yo elimine sou mache nasyonal la pwodui famasi ki ekspire, fo pwodui famasi ak pwodui konsa moun abitye vann nan lari --sitou nan kapital la, Pòtoprens. Yon manm palman an --ki t ap reyaji sou desizyon sa a -- fè konpliman pou otorite Depatman Sante Piblik ak Popilasyon an, men li mande yo montre seye ak konsistans nan efò sa a, paske desizyon konsa Leta Ayisyen te pran nan le pase te kanpe nan wout, san rezilta pèmanan.

Ayiti-Dezameman: Yon lòt kote, nan vil Gonayiv lapolis sezi plizyè zam lou nan yon desantdelye sou yon kay ki pa t abite. Nouvèl la fè konnen otorite yo te mennen operasyon sa a daprè enfòmasyon yo te resevwa nan men mèt kay la k ap viv a letranje. Yo mande popilasyon an toujou kolabore ak lapolis pou kanpay dezameman an kapab kontinye fè pwogrè.

Nouvèl Karayib la: Reyaksyon sou entèdiksyon ekspòtasyon mango ayisyen o Zetatazini;- Pwochen eleksyon nan Lajamayik;- L'OEA mete plizyè bousdetid a la dispozisyon zile Sent Lisi. Se kèk nan nouvèl Marie-Luce Pierre prezante nan Revi Karayib la semenn sa a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG