Accessibility links

Breaking News

Brezil an Final kont Arjantin ou Meksik


Football

Brezil kalifye pou final Kopa Amerika a apre li elimine Urugwe sou tir de penalite 5 a 4. Tan reglemantè a te fini 2 a 2. Sepandan anpil rete kwè abit la konplis nan defèt Urugweyen yo apre gadyen brezilyen an te deplase sou liy gòl la pandan tir de penalite a- Brezilyen yo ap tann venkè rankont kap jwe jodi a ant Arjantin ak Meksik.

Nan Kanada se jodi a faz dechoukaj la ap demare nan Edmonton Otruch kont Gambi. Nan Toronto Etazuni kont Urugwe, Espay kont Brezil epi Japon kont Republik Tchèk.

Antrenè seleksyon nasyonal football chili a Nelson Acosta demisyone apre rakle 6 a 1 seleksyon an sot pran nan men brezil nan okazyon kar de final Kopa Amerika a.

Klub football angle West Ham rejte demand footbalè arjanten Carlos Tevez fè pou anule kontra li genyen ak klub la. Los Anjeles Galaksi ak Houston Dinamo elimine nan kar de final US Open nan.

Jodi a DC United pral rankontre ak Harrisburg Citi Islanders. Responsab football ameriken yo ap pare pou nonmen yon direktè teknik pou seleksyon an ak posibilite pou l ta soti nan Amerik Latin nan. Rezon an responsab yo di se pou seleksyon an pran yon lòt apròch football nan rejyon an.

Unyon Football Eropeyen an entèdi klub footballè Polonè Legia de Varsovi pou l pa patisipe nan oken konpetisyon pandan 2 sezon akoz move konpòtman fanatik yo pandan koup Intertoto a. Dezòd yo te rive nan moman Legia de Varsovi tap tren-nen 2 a 0 devan klub Lituanyen Veltra Vilnius.

Nouvèl ki soti nan Kuala Lumpur fè konnen seleksyon Iranyen an remonte yon defisi 1 a 0 pou l kale Uzbekistan 2 a 1 nan kad chanpyona football Azyatik la. Iran ap rankontre la Chin Dimanch epi Uzbekistan ap fè fas ak Malezi Samdi

Je Panameriken

Delegasyon yo kòmanse rive nan Rio de Janeiro kote yo pral patisipe nan 15 zièm edisyon Je Panameriken yo. Guy Dumesle chèf de misyon delegasyon an di nou seleksyon football Ayiti a ap patisipe nan konpetisyon an.

Sekretè la sante ameriken an Michael Leavitt ap nan tèt delegasyon ameriken ki pral patisipe nan 15 zièm edisyon je Panameriken yo nan Rio de Janeiro O Brezil. Konpetisyon an ap demare Vandredi 13 Juyè ak patisipasyon plis pase 5 mil atlèt kap soti nan emisfè oksidantal la.

Tour de France

Siklis Norvejyen Thor Hushovd ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 193 kilomèt. Swis Fabian Cancellara toujou nan tèt klasman jeneral ak 29 sekond devan Norvejyen an. Samdi kap vini la a siklis yo ap kòmanse grenpe mòn Alp yo pandan 3 jou.

XS
SM
MD
LG