Accessibility links

Breaking News

Real Madrid gen yon Nouvo Antrenè


Football

8 tièm de final koup du mond Juniò a kap dewoule O Kanada. Mèkredi 11 Juyè Otruch ap jwe kont Gambi. Etazuni kont Urugwe. Brezil ki kalifye pa repechaj ap rankontrre Espay epi Japon kont Republik Tchèk. Meksik kalifye pou 8 tièm de final la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Nouvèl Zeland. Ganbi suprann Pòtugal ak yon viktwa 2 a 1 pou l kalifye pou 8 tièm de final la. Nan group A a Chili ak Ostruch fè match nul 0 a 0 pou yo kalifye. Kongo kale Kanada 2 a 0 pou yo kalifye tou. Malerezman òganizatè konpetisyon an Kanada elimine.

Se demen Madi 10 Juyè premye semi final Kopa Amerika a ap dewoule lè brezil ap rankontre Urugwe epi Mèkredi 11 Juyè a Arjantin ap rankontre Meksik nan Lòt semi final la. Arjanten yo kalifye apre yo pilon-nen Perou 4 a 0 aloske Meksik pat gen pitye pou Paragwe ki tonbe 6 a 0. Lòt semi final la ap mete bab pou bab brezil kont Urugwe. Samdi 14 Juyè 2 pèdan yo ap jwe match konsolasyon pou 3 zièm plas la epi Dimanch 2 venkè yo ap rankontre pou detèmine chanpyon edisyon sa a.

Vyolans eklate nan koup Intertoto a ant klub Lituanyen Vetra FC epi Legia de Varsovi. Match la te kanpe depi nan premye mitan an apre fanatik yo te monte sou teren an nan moman Vetra tap men-nen 2 a 0. La polis arete 100 fanatik e pifò te libere. Li poko klè si Unyon Football Eropeyen an ap konsidere rezulta match la ou byen si l ap repwograme rankont la. CN-60 ASIAN CUP Vyetnam, ki youn pami peyi kap akeyi koup Azyatik la, ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Emira Arab Uni yo nan ouvètu match group B a. Nan Bankòk Ostrali fè match nul 1 a 1 ak Tailand

Footbalè brezilyen Alemao ke moun konnen sou nom Carlos Adriano de Jesus Soares mouri yè Dimanch la nan aksidan yon machin. Msye te gen 23 zan.

Responsab klub football espayòl nan Real Madrid konfime alman Bernd Schuster kòm nouvo antrenè klub la nan plas Italyen Fabio Capello ki revoke nan fen mwa Jwen an.. Schuster ki gen 47 tan mete fen nan 2 zan li genyen depi li tap antrene klub espayòl Getaffe. Yo te prezante msye ofisyèlman maten nan stad Santiago Bernabeu a.

Tennis

Swis Roger Federer ranpòte pou yon 5 kièm fwa tounwa tenis Wimbledon nan apre li kale espayòl Rafael Nadal 7-6, 4-6, 7-6,2-6, 6-2. Federer egalize ak swedwa Bjorn Borg kòm jwè tenis ki ranpòte mayòl la 5 fwa. Msye foure nan pòch li 1 milyon 400 mil dola. Ameriken Venus Willimans ranpòte kategori feminen an.

Nan klasman jeneral la ki publiye jodi a Federer toujou rete nan an premyè pozisyon ak yon total 7, 290 pwen devan rival li espayòl Raphael Nadal ak 5, 225 pwen. Sèb Novak Djokovic, ameriken Andy Roddick ak Rus Nikolay Davidenko konplete lis 5 meyè jwè tenis mondyal maskulen an.

Bò kote meda m yo Bèlj Justine Henin toujou nan tèt meda m yo malgre li pèdu an demi final nan tounwa tenis Wimbledon nan. Rus Maria Sharapova, Sèb Jelena Jankovic, Rus Svetlana Kuznetsova ak Ana Ivanovic konplete lis 5 meyè jwè tenis feminen sou tè a. Ameriken Venus Williams ki sot ranpòte tounwa Wimbledon nan klase 17. Serena klase 7 tièm.

Boxe

Boksè Unkrenyen Wladimir Klitschko defann ak suksè tit pwa lou Konsèy Boks Entènasyonal la fas a ameriken Lamon Brewster nan Kolòy an Almay.

Cyclisme

Siklis kap patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ap kite Canterbury an Angletè pou antre an Beljik avèk siklis Swis Fabian Cancellara nan tèt klasman jeneral la ak 13 sekond devan alman Abdreas Kloeden ak Britanik David Millar.

Atletisme

Komite Olenpik Ameriken an prezante ekskuz li ofisyèlman bay komite òganizatè Je Panameriken Brezilyen yo apre yon anplwaye komite a ekri Byenvenu nan Kongo pou fè referans ak chalè ki ekziste nan Rio de Janeiro o Brezil kote Je yo pral dewoule. Se jounal brezilyen O Globo. Plis pase 500 atl]t ki soti nan rejyon an ap patisipe nan konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG