Je Zolenpik
Komite Olempik Entènasyonal la ki reyuni nan Gwatemala Citi seleksyone vil Rus Sochi pou akeyi Je Zolenpik dhivè yo an 2014. Vil Otruchyen Salzburg te elimine nan premye tou a. ak 51 vwa pour e 47 vwa kont delege yo vote an favè Sochi, ki situe bò lanmè nwa a, devan vil Sud Koreyen Pyongchang. Pyongchang te deja pèdu devan Vancouver Kanada dwa pou l te òganize je zolenpik dhivè yo an 2010.
Football
Brezil kale Ekwatè ak difikilte 1 a 0 pou l fini an 2 zièm pozisyon nan group B a dèyè Meksik epi jwen yon tikè pou kar de final la. Chili ki fè match nul 0 a 0 ak Meksik kalifye tou apre match nul 0 a 0 yo fè ak Meksik. Kolonbi ak Etazuni kap rankontre jodi a, elimine. Arjantin ap rankontre Paragwe jodi a pou konnen ki lès kap fini an premyè pozisyon nan group C a.
Nan Kanada-Japon ak Nijerya konfime plas yo nan kar de final chanpyona du mond footbal Juniò a apre viktwa yo ranpòte. Japonè yo kalifye pou faz dechoukaj la apre yo kale Kosta Rika 1 a 0. Nijerya kale Ekòs 2 a 0 pou l pase nan pwochen faz la. Urugwe kale Jordani 1 a 0. Zambi tonbe 2 a 1 devan Espay. Jodi a Meksik kont Portugal, Novèl Zeland kont Gambi, Otruch kont Kanada epi Chili kont Kongo