Accessibility links

Breaking News

Meksik Kalifye pou Kar de Final Kopa Amerika a


Football

Meksik kalifye pou kar de final Kopa Amerika a kap dewoule O Venezuela apre li kale Ekwatè 2 a 1. Brezil konsève espwa l apre li geri bosko l sou Chili 3 a 0. Robinho make 3 gòl brezilyen yo. Jodi a Etazuni kont Paragwe epi Arjantin kont Kolonbi.

Yon tribunal Vyetnamyen kondane 7 footballè ak 2 responsab pou kout lajan anba tab ak magouyè. Kondanasyon an varye ant 7 a 3 zan. Desizyon an pran nan korupsyon ki te genyen nan football peyi a nan chanpyona premyè divizyon sezon 2004 a 2005 la.

Nan koup du mond Juniò a kap dewoule nan Kanada Chili pase Kanada yon swif 3 a 0 pandan ke Japon pilon-nen Ekòs 3 a 1 nan group A a. Nijerya ranpòte yon viktwa tou mens devan Kosta Rika 1 a 0. Zambi fè match nul 1 a 1 fas a Jordani. Espay fè match nul 2 a 2 ak Urugwe.

Jodi a Kongo kont Otrich. Potugal kont Nouvèl Zeland. Gambi kont Meksik. Tailand kale Katar 2 a 0 nan kad yn match amikal koup Azi du Sud la.

Ansyen football lejandè Brezilyen Pele fè pati jwè football aktyèl e ansyen kap patisipe nan yon match de charite an favè Nelson Mandela nan Kape Town--yon match kap make anivèsè ansyen prezidan nwa Sud Afriken an. Olandè Ruud Gullit, Kamerounè Samuel Eto’o ak franse Christian Karembeu figure sou lis jwè FIFA seleksyone. Match la ki fikse pou 18 Juyè ak gen ladann 11 jwè Afriken ak 11 jwè rès mond la ap patisipe nan 2 match FIFA òganize an lonè Nelson Mandela. Lòt rankont la te òganize an 1999 pou make fen manda prezidans Mandela.

La polis an Frans arete franse Wilton Ferdinand nan moman li kòmanse antrene ak klub franse Lyon. Nouvèl yo pa di rezon arestasyon an.

FIFA fè konnen lap tann fen koup du mond football feminen an pou deside kantite peyi ki pral patisipe nan pwochen koup du mond la an 2011. FIFA ap tann tou apre konpetisyon an pou anonse peyi òganizatè a. FIFA di gen posibilite pou l koup du mond la pase de 16 a 24 peyi tou depan de rezulta a. Ostrali, Kanada, Frans, Almay ak Pewou kandida pou akeyi konpetisyon an kap anonse 25 Novanm.

Dwa restranmisyon koup dEròp dè Nasyon 2012 ap koute 1 milya dola dapre yon responsab komite òganizatè Polonè.

Footbalè brezilyen Ronaldinho pral pote drapo brezil la nan okazyon je Panameriken yo kap dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil soti 13 pou rive 29 Juyè. Prezidan Brezilyen an Luiz Ignacio da Silva te limen flanbo a 11 Jwen an ki pral siyon-nen 42 vil ak vilaj--senbòl 42 peyi patisipan yo avan li rive nan Rio de Janeiro

Seleksyon ki gen footbalè chinwa ak Hong Kong ranpòte yojn viktwa 2 a 0 devan ekip tout vedèt FIFA a nan okazyon koup reunifikasyon an nan Ong Kong. Klub Alman Bayern de Munich remonte yon defisi pou kale chanpyon Lig Brezilyen an Sao Paolo 2 a 1. Tounwa a make 10 zièm anivèsè retou Hong Kong sou otorite la Chin.

Tennis

2 zièm semen tounwa tenis Wimbledon nan demare jodi a malgre la pli ki tap tonbe. Bèlj Justine Henin pat gen difikilte pou l pase nan kar de final la apre swif an 2 manch li pase Swis Patty Schnyder 6-2, 6-2. Rus Svetlana Kuznetsova te bezwen 2 manch pou l kale Polonè Agnieska

Olenpik

Komite Olenpik Entènasyonal la suspann komite Olenpik Panama a sou kesyon legal kontwòl federasyon an. Responsab komite Olenpik la di atlèt Panameyen yo kapab patisipe nan Je Zolenpik Entènasyonal la sou banyè Òganizasyon Spò Panameriken yo--Nap raple Panama ap patisipen an Je Panameriken yo ki gen pou dewoule O Brezil mwa sa a. Prezidan ODEPA a Meksiken Mario Vazquez Rana pral men-nen yon ankèt ki kapab dure plizyè mwa.

Komite òganizatè Je Zolempik Peken 2008 yo anonse premyè faz vant tikè konpetisyon an depase kantite yo te mete sou mache a. Premyè faz la ki fini yè Dimanch la te genyen 2 milyon 700 mil tikè sepandan gen tikè ki toujou disponib nan kèk disiplin. Ouvètu ak klotu konpetisyon finn vann.

Volleyball

Japon kale la Frans 3 a 1 epi Etazuni tronse Itali 3 a 0 nan kad rankont ki jwe nan chanpyon du mond voleball maskulen an. 16 peyi, kap patisipe nan konpetisyon an, divize an 4 group de 4. 6 premye ap kalifye pou round final la ki gen pou dewoule an Polòy mwa sa a.

XS
SM
MD
LG