Ayiti-Polis : Pòtpawòl PHN la (Polis Nasyonal Dayiti), Frantz Lerebourg, fè konnen lapolis fè plis arestasyon nan mwa jen ane sa a ke pandan menm mwa a nan ane 2006 la. Misye Lerebourg --ki t ap pale ak laprès mèkredi 27 jen 2007 la-- di rezon ki eksplike ogmantasyon sa a nan kantite kriminèl ki tonbe anba men otorite yo, se --antwòt-- yon ogmantasyon kantite polisye yo ak pi bon ekipman.
Ayiti-Envestisman : Yon lòt kote, yon gwoup antreprenè peyi Irland ap vizite kèk zòn nan Depatman Sid la kote y ap eksplore posiblite pou yo envesti lajan yo.
Ayiti/Je Pan-Ameriken yo : Peyi Dayiti pral patisipe nan Je Pan-Ameriken yo ki gen pou dewoule nan mwa jiyè a nan peyi Brezil, pi presizeman nan vil Rio de Janeiro. Youn nan disiplin kote Ayiti pral gen reprezantan, se Jido. Lavwadlamerik pale ak prezidan Federasyon Jido Dayiti a, Ernst Laraque.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.