Nan peyi Dayiti, minis Komès ak Endistri a, Maguy Durcé, te parèt yè madi 26 jen an devan palman an, pou l te mande plis pouvwa pou l kapab konbat lavant pwodui ki ekspire nan peyi a. Yon lòt kote, nan vil Tigwav, enkoni ame ouvè koutzam sou polisye ki t ap chache arete kèk moun ki nan kache pou lajistis. Anfen, nan vil Okay, gouvènman an lanse yon pwogram fòmasyon pou jèn ki poko gen 24 tran, pou ede yo prepare anvi yo e jwe yon bon wòl nan sosyete a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopnan nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.