Accessibility links

Breaking News

Perou Ranpòte la Viktwa, Venezuela Kilbite


Football

Perou suprann Urugwe ak yon swif 3 a 0 nan ouvètu Kopa America kap dewoule O Venezuela. Nan 2 zièm match sware a Venezuela fè match nul 2 a 2 ak Bolivi. Aswè a Brezil ap rankontre ak Meksik, epi pita nan sware-a , Ekwatè ap jwe kont Chili.

Kèk nouvèl ki sotinan katye jeneral FIFA nan vil Zurik an Suis : FIFA non-men Jerome Valcke kom̀ nouvo sekretè jeneral òganizasyon an mwens ke 8 mwa apre yo te revoke l kòm direktè Marketing. Rezon an se akoz patisipasyon n nan siyen yon kontra ak kat de kredi viza pou patwonaj koup du mond aloske FIFA te deja gen yon antant ak Master Card. Sa pa gen lontan FIFA te jwen yon antant andeyò tribunal ak Master Card pou l dedomaje l 90 milyon dola.

Yon lòt kote, FIFA reaji devan pwotestasyon Federasyon sud-amerikèn-yo (COMEBOL) apre desizyon pou match ofisyèl ak match kalifikasyon pou mondyal-yo pa dewoule nan wotè ki depase 2500.

Prezidan FIFA-a Sepp Blatter anonse jodi mèkredi-a keentèdiksyon sa-a valab pou match kap edewoule nan wotè depase 3 mil mèt. FIFA fè anons sa-a soti apre Komite egzekutif-la te konsidere plent Comebòl-la. Ki donk desizyon sa-a pèmèt Kolonbi jwe match nan kapital-la Bogota, Ekwatè nan Kito. Sepandan entèdiksyon toujou La paz nan Bolivi ak Cuzco nan Pewou.

Tennis

Na prale dabò nan vil Londr ann Angletèr pou tounwa tenis Gran Chelem Wimbledon-nan : Andy Roddick ak Serena Williams, 2 jwè peyi Etazuni, kalifye pou 3e tou konpetisyon-an . Roddick, tèt de seri numewo 2 , kale an 3 sèt : 6-3, 6-4, 7-6 taylandè Danay Udomchoke. numewo 1 kay medam-yo , bèlj Justine Henin Hardenne , san fòse kalifye pou 3e tou. An 2 sèt 6-0, 6-4 li elimine Vera Dushevina . Nan 3e tou-a lap rankontre ak rus Elena Vesnina ki elimine Emilie Loit, yon fransèz E Serena Williams(7) ranpòte rankont-li an 2 sèt : 7-6, 6-3 sou ostralyèn Alicia Molik. Kalifikasyon tou pou Laura Granville apre viktwa sou Sybille Bammer ...ceci an 2 sèt 6-1, 6-4. Martina Hengis kalifye tou avèk brio 6-1, 6-2 kont Nakamoura.

Basketball

Nan Baskètbòl isit Ozetazuni, superstar ameriken Lebron Jmaes kap jwe nan Clevland Cavaliers mete fen nan pakèt rumè-yo lè-l anonse ke li pral jwe pou seleksyon nasyonal amerikèn-nan nan mwa kap vini la-a nan konpetisyon amerikèn. Ekip-la pral eseye kalifye pou Jeu Zolempik 2008-la kap gen pou dewoule nan vil Peken an chin. Lebron James , 22 zan , te jwe nan ekip olempik amerikèn nan jeu Olempik 2004-la nan Athèn kote Etazuni te ranpòte meday Bwonz-la.

XS
SM
MD
LG