Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Kopa Amerika a


Football

Responsab football chanpypona Copa America a O Venezuela chanje zòn kote semi final la ta pral dewoule pou rezon sekurite. Semi final la ki te dwe jwe nan Karakas le 10 Juyè ap jwe de preferans nan Maracaibo. Chanjman sa a fèt apre depatman deta ameriken anonse Ameriken ki pral asiste ou byen patisipe nan Koapa Amerika an kapab tonbe nan yon zòn kote gen vyolans. Match kar de final la ki fikse pou 7 Juyè ap jwe nan yon lòt vil.Sepandan match konsolasyon an ap jwe nan Karakas le 14 Juyè.

Franse Thierry Henry konplete transfè l pou l kite klub Angle Arsenal pou l jwe nan FC Barselòn--yon transfè ki koute 32 milyon dola-dure kontra a fikse pou 4 tran.

Prezidan Football Unyon Eropeyen an Michel Platini kontan entroduksyon tès san kòm pati kanpay anti dopaj a pati de pwochen koup dEròp dè Nasyon 2008 la. Komite ekzektif la ki dakò non sèlman analiz urin men 2 jwè nan chak ekip yo dwe subi yon tès san pou detèmine si yo gen tras dròg nan san yo.

Franse David Trezeguet pwolonje kontra l ak Juventus de Turen juskan 2011 dapre responsab klub la ki fèt monte nan premyè divizyon.

Ministè enteryè Izrayelyen an akode sitwayènte bay footbalè arjanten Roberto Colautti ak Nijeryan Toto Tamuz--yon desizyon ki fè yo elijib pou reprezante peyi nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an.

Dapre règleman FIFA yon jwè ki te pran nesans nan yon peyi etranje pap kapab reprezante peyi dadopsyon an amwens ke peyi a akòde l sitwayènte total san limit.

Antrenè Ekosè Steve Nicol ki ede New England Revolution kalifye pou semi final MLS la pandan 5 kan afile-jwen nominasyonn pou l dirije seleksyon ameriken tout vedèt ki pral rankontre klub Ekosè Celtic Glasgow le 9 Juyè. Nicol, ki te konn jwe nan Liverpool, jwen nominasyon an akoz New England nan tèt konferans de Lès la ak 22 pwen. Msye gen pou l publiye lis seleksyon le 5 Juyè kèk jou avan match la kap dewoule nan Denver Kolorado.

FIFA anonse lap re-ekzamine desizyon li pran pou l entèdi match jwe nan wotè ki pa depase 2 mil 500 mèt--yon desizon ki te fè peyi konsène yo, bolivi, Ekwatè, Perou ak Kolonbi, move tankou kong. FIFA anonse tou li pral fè yon pase nan administrasyon an.

Unyon Football Eropeyen an anonse yon reduksyon nan group ki pral patisipe nan kanpay koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Responsab yo anonse yo pral fòme 8 group kap gen 6 peyi epi yon lòt kap gen 5 peyi. Premye nan chak group yo ap kalifye dirèkteman epi 8 peyi ki pi byen klase yo pral patisipe nan yon match de baraj ale/retou pou detèmine 4 lòt kalifye yo.

XS
SM
MD
LG