Accessibility links

Breaking News

Etazuni fas Meksik nan Final Koup Dò KONKAKAF la


Football

Etazuni ap rankontre Meksik nan final koup dò KONKAKAF la ki fikse pou Dimanch. Ameriken yo kalifye apre kale Kanada 2 a 1. Kanadyen yo te egalize pandan arè de je yo sepandan abit la jwè a te hò je--yon desizyon ki pwovoke anpil pale bò kote antrenè Kanadyen ki di rezon gòl anule se akoz abit la se yon Meksiken e Meksik tap patisipe nan semi final la. Meksik rvie nan final la apre yo ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Gwadeloup. Final la ap jwe nan Chikago.

Responsab klub Football Alman konfime ansyen entènasyonal Brezilyen Ze Roberto siyen yon kontra 2 zan pou l antrene klub la. Ze Roberto te kite klub la ane pase pou l tal antrene Santos Football klub o Brezil

Responsab football Italyen Juventus de Turen, ki sot monte an premyè divizyon, siyen yon kontra ak entènasyonal Pòtugè Tiago ak mitan Arjanten Sergio Almiron pou plis pase 22 milyon dola. Ekip Juventus ap fè yon pase men nan klub la nan kad preparasyon yap fè pou kòmanse chanpyona premyè divizyon an. Responsab klub Espayòl Villareal anonse arjanten Juan Roma Riquelme pap retounen nan klub la malgre bèl p̀pèfòmans li renmèt pou ede Boca Junior ranpòte 6 zièm tit Kopa Libertadores de Amerika a.

FIFA seleksyone 2 abit ameriken ki pral patisipe nan koup du mond football feminen an an Chin.

Nouvèl ki soti yè Jedi a nan vil New York fè konnen FIFA ak MasterCard dakò pou yo tabli yo kontra kap pèmèt VIZA patwone Mondyal 2010 ak 2014. Konsa FIFA pral peye MasterCard yon total 90 milyond dola: 87 milyon nan premye semès 2007; e yon 2 milyon 500 mil nan 3e trimès. E pwosè nan tribunal Swiss ak Etazuni-yo ap tonbe. Patwonaj mondyal-yo te nan men Master Card depi 1994.

Tennis

Se jodi a nan vil Lond tiraj osò tounwa tenis Wimbledon nan dewoule kote Swis Roger Federer ap rankontre nan premye tou a Rus Teimuraz Gabashvili ki klase 85 kièm jwè mondyal. Si tout bagay yo mache byen ameriken Andy Roddick kapab rankontre Federer nan semi final la. Espayòl Rafael Nadal ap rakontre amerken Mardy Fish.

Bò kote meda m yo Bèlj Justin Henin ap rankontre Arjanten Jorgelina Cravero ak posibilite pou l ta rankontre Serena Williams nan semi final la. Serena ap rankontre nan premye tou a espayòl Lourdes Dominguez Lino

Tounwa s’Herto-gen Bosh-la ann Oland : koat Ivan Ljubicic ak fransè Julien Benneteau kalifye pou demi-final konpetisyon-an apre yo elimine respektivman sèb Janko Tip-Sarevitch ak almand Michael Berrer. kalifikasyon tou pou Petter Wessels ki elimine Tomy Robredo.

Kay medam-yo , toujou nan menm tounwa-a : tèt de seri numewo 1-a , sèb Jelena Jankovitch te bezwen 2 sèt pou l kouri ak ukrenyèn Alona Bondarenko . Nan pwochen tou-a Jankovitch ap rankontre ak rus Dinara Safina ki li-menm elimine italyèn Flavia Penneta an 2 sèt 6-1, 7-5. Rus Anna Chakvetadze(3) kalifye tou pou semi-final apre viktwa-l sou almand Angelique Kerber 6-2, 6-2. Chakvetadze ap rankontre ak Daniela Hantuchova( Slovak) ki woule ak kout rakèt Sèb Ana Ivanovic 6-3, 6-1.

Nan tounwa tenis Eastbourne-nan, chanpyon antit, tèt de seri numewo 1 , numewo 1 mondyal , bèlj Justine Henin kale fransèz Marion Bartoli an 2 manch 6-2, 6-1 pou kalifye nan final tounwa a kap peye venkè a 600 mil dola. Henin pral rankontre nan final la demen Samdi a fas a fransèz Amelie Mauresmo ki ranpòte rankont la apre Rus Nadia Petrova abandone nan premye manch la.

Tounwa sa yo fè pati tounwa chofe jarèt avan tounwa tenis Wimbledon nan kap kòmanse Lendi.

Atletisme

Atlèt Ameriken Breaux Greer bat yon nouvo rekò nan lans javlo pou yon 2 zièm fwa pandan ane a nan okazyon tounwa atletis kap dewoule nan Indianapolis. Deena Kastor ranpöte tit 10 mil mèt la. ,

XS
SM
MD
LG