Soti 19 pou rive 21 jyen 2007 la, lidè Kominote Karayib la, CARICOM, fè yon konferans sou plizyè fron nan Washington. Konferans sa a -- ki te gen kòm tèm “Devlopman Kominote Karayib la nan 21è syèk la: Kwasans Ekonomik ak Jistis Sosyal -- te fikse kòm objektif kreyasyon yon partenarya avèk Etazini.
Avan dewoulman konferans la, minis afè etranjè peyi Caricom yo te rankontre ak sekretè deta Etazini an Condoleezza Rice nan Depatman deta Ameriken nan jounen lendi 18 jyen an. Nan mèkredi, chèf deta peyi manm Caricom yo te fè yon rankont ak prezidan George Bush.
Lidè ayisyen an René Préval te inogure pati kiltirèl konferans la kote l lanse apèl pou manm dyaspora a sèvi ak talan yo pou ede peyi yo.
Caricom eksprime satisfaksyon l ak konferans sila a.