Accessibility links

Breaking News

Real Madrid ap Chache yon Nouvo Antrenè


Football

Ann Espay, selon jounal AS, prezidan Real Madrid-la Ramon Calderon ta sanble chwa zi alman Bernd Schuster sou italyen Fabio Capello ki sot ranpòte Liga-a ak klub-la . Ki donk si nouvèl sa-a konfime, Capello ap parn retrèt-li selon sa li te deklare. Nap raple Schuster deja nan Liga-a kote-l tap antrene Getafe.

Toujou ann Espay, prezidan FC Barselòn-nan Joan Laporta deklare yè lendi-a ke antrenè-a Frank Rijkard ak 2 supèr vedèt klub-;la Ronaldinyo ak Samuel Eto’o ap rete nan klub-la pou sezon kap vini la-a . Eske enfòmasyon sa-a ta demanti nouvèl ki ta fè kwè Barselòn ta pral dyè Arsèn Wenger pou ranplase Richkard. Yon dosye kap jwen eklèsisman nan jou kap vini la-yo.

Klub Italyen Juventus de Turen ki sot monte nan premye divizyon anonse li siyen yon kontra 5 kan ak atakan Vincenzo Laquinta ki tap jwe nan Udinese. Dapre nouvèl yo kontra a estime ak 15 milyon dola transfè a.

Preparatif yo ap kontinye pou semi final koup do`KONKAKAF la nan Chikago Jedi kote Gwadloup pral rankontre Meksik e Etazuni fas a Kanada.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter vizite enstalasyon spotif yo an Afrik du Sud kote koup du mond football 2010 la. Msye Blatter rankontre ak responsab yo. Msye Blatter pa janm sispann supòte Afrik du Sud pou akeyi konpetisyon an.

Judo

Judoka ayisyen yo jwen yon plas nan okazyon tounwa repechaj ki sot dewoule nan Sen Domeng gras ak viktwa Josue Despres nan 73 kilos. An plis de dènye reskape gen Joel Brutus, Ange Mercie Jean Baptiste ak Gerdine Mathieu ki resevwa yon envitasyon espesyal nan 48 kilos. Tennis

Nan yon tounwa tenis feminen kap dewoule ann Angletèr pou prepare Wimbledon-ann, izraelyén Shahar Peer kalifye pou 2e tou apre viktwa-l an 3 sèt : 6-2, 5-7, 6-4 sou ruis Elene Livkoseva ; ostralyèn Sybille Bammer elimine an 2 sèt yonb lòt rus Maria Kirilenko. Lòt kalifye ankò : fransèz Marion Bartoli, Nathalie Dechy, japonèz Aiko Nakourama.

Basketball

Basketè ameriken Kobe Bryant renouvle demand li fè pou l kite Los Anjeles Lakers pou l jwe nan yon lòt klub akoz li menm ansanm ak klub la gen yon vizyon diferan sou lavni. Apèl sa a lanse malgre manke 4 tran pou kontra l fini ak Lakers yo. Bò kote pa l pwopriyetè klub la Jerry Buss voye yon lèt tou louvri bay fanatik yo pou di yap travay seryezman pou pèmèt Lakers pran yon bon direksyon san li pa founi oken enfòmasyon sou demand Kobe Bryant fè pou l al jwe nan yon lòt klub

XS
SM
MD
LG