Accessibility links

Breaking News

Gwadloup Kalifye pou Semi Final Koup Dò KONKAKAF la


Football

Gwadeloup suprann tout obsèvatè spòtif pou l kalifye nan semi final koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni apre yo kale Onduras 2 a 1 nan . Gwadloupeyen yo pral rankontre ak Meksik ki li menm te lute avan kale Kosta Rika 1 a 0 an pwolongasyon. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Etazuni fas a Kanada. 2 rankont kap jwe nan Chikago Jedi. Seleksyon kadè ayisyen an, ki sot bay anpil kè sote apre yon ko-ensidans fòse 13 jwè seleksyon an te chache kraze rak, tonbe devan Gana 3 a 0. Responsab yo refoule 5 jwè seleksyon an epi ranfòse yo ak 8 rezèvis. Nouvèl yo rapòte gen 2 jwè ki mande azil politik Ozetazuni--2 footbalè se yo di yap subi pèsekusyon politik si yo retounen nan peyi a.

Nan MLS la DC United bat Chikago Fire 3 a 1 Samdi isit Washington.

Real Madrid ranpòte 30 tièm tit lig football espayòl la apre yo kale Real Mallorca 3 a1 malgre FC Barselòn benyen ak gòl Gimnastic Tarragona 5 a 1. Real Madrid fini sezon an ak menm kantite pwen ak FC Barselòn 76 pwen yo chak men Madrilèn yo ranpòte tit la akoz yo te kale FC Barselòn. Responsab yo nan Barselòn rekonèt twòp konfyans se rezon ki fè yo pèdu tit chanpyona a.

Bòn nouvèl pou David Beckham ki te an disgras nan ekip la ap mete fen nan karyèl ak tèt li leve nan moman kontra l ap fini 30 Jwen. Beckham ap vinn kontinye karyè l isit Ozetazuni nan Los Anjeles Galaksi.

La polis antre nan lese frape ak fanatik yo nan vil Madrid aprè Real ranpòte chanpyona a. Fòs de lòd yo di 100 moun pou pipiti blese nan lese frape a nan moman plizyè dizèn milye fanatik te kanpe sou yon plas publik pou tann pasaj jwè yo.

Antrenè klub football espayòl Getafe Bernd Schuster manisfeste entansyonn pou l antrene Real Madrid apre depar antrenè Italyen Fabio Capello si yo mande l.

Sou kontinan Afriken an Angola ak Kameroun kalifye pou koup dAfrik dè Nasyon 2008 la de fason diferan. Angola kalifye apre li danse sou Swaziland 3 a 0 tandiske Kameroun kalifye apre li kale Rwanda anba redu 2 a 1. Maròk ak Tunizi te jwen tikè pa yo depi Samdi. Koup dAfrik dè Nasyon an ap dewoule nan Gana soti 20 Janvye pou rive 10 Fevriye ak patisipasyon 16 peyi.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter rive an Afrik du Sud kote li pral fè chita pale ak responsab yo sou preparatif koup du mond football 2010 la. Msye Blatter gen pou l rankontre ak responsab yo epi vizite enstalasyon spòtif kap akeyi konpetisyon an. Msye Blatter pa janm sispann supòte Afrik du Sud pou akeyi konpetisyon an. O Brezil la polis te entèvenu epi patisipe nan lese frape ant jwè ak dirijan Amerika ak Recife apre abit la te ba l yon katon wouj pou tèt li te bay yon jwè amerika yon kout koud. Federasyon Football Amerik du Sud la gen pou l mande FIFA pou rekonsidere desizyon li pran pou l entèdi rankont football nan wotè ki pa depase 2 mil 500 mèt

Judo

Judoka ayisyen yo jwen yon plas nan okazyon tounwa repechaj ki sot dewoule nan Sen Domeng gras ak viktwa Josue Despres nan 73 kilos. An plis de dènye reskape gen Joel Brutus, Ange Mercie Jean Baptiste ak Gerdine Mathieu ki resevwa yon envitasyon espesyal nan 48 kilos.

Basketball

Antrenè olenpik basketbal chinwa a Lituanyen Jonas Kazlauskas kritike basketè china Sun Yue akoz li rate antrenman ak seleksyon an pou l antrene ak ekip basketball ameriken. Antrenè di yon aksyon konsa kapab fè Sun rate plas li nan seleksyon an. Msye Kazlauskas di li pa kwè Sun pare pou l jwe nan Asosyasyon Basketball Ameriken an.

Basketè ameriken Kobe Bryant renouvle demand li fè pou l kite Los Anjeles Lakers pou l jwe nan yon lòt klub akoz li menm ansanm ak klub la gen yon vizyon diferan sou lavni. Apèl sa a lanse malgre manke 4 tran pou kontra l fini ak Lakers yo.

Bò kote pa l pwopriyetè klub la Jerry Buss voye yon lèt tou louvri bay fanatik yo pou di yap travay seryezman pou pèmèt Lakers pran yon bon direksyon san li pa founi oken enfòmasyon sou demand Kobe Bryant fè pou l al jwe nan yon lòt klub.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic ranpòte 4 trièm tounwa tenis pou ane a apre li kale Rus Maria Sharapova an 3 manch 4-6, 6-3, 7-5 pou l ranpòte tounwa tenis DFS Classic la nan Birmingham an Angletè yon tounwa ki konsidere kòm yon tounwa chofe jarèt avan tounwa Wimbledon nan- 3 zièm tounwa tenis Gran Shelem

Ameriken Andy Roddick te bezwen 3 match donc 2 tie break pou kale franse Nicolas Mahut e ranpòte tounwa tennis Club Queen nan. Skò final la se 4-6, 7-6, 7-6.

XS
SM
MD
LG