Accessibility links

Breaking News

Seleksyon U-17 Ayiti a Demantibile


Football

An atandan responsab football ayisyen kontinye ap chache 7 ou 8 jwè seleksyon kadè a ki fonn tankou bè nan New York nan moman seleksyon an tap tranzite pou al patisipe nan yon tounwa an Kore du Sud. Responsab yo di 13 jwè te disparèt nan nwit soti Madi pou Mèkredi nan ayeropò Kennedy a nan New York. 5 ou byen 6 pami yo, ki reintegre seleksyon an, deklare bay responsab la yo te pèdu nan moman yo tap flan-nen. Prezidan federasyon football ayisyen an Yves Jean Bart menase pou l renmèt dosye a bay ajans Surte Federal Ameriken ( FBI)--akoz dapre li se yon kidnaping. Yon stasyon radyo an Ayiti ta fè konnen otorite ameriken yo sanble ta arete 2 moun ki enplike nan operasyon sovadò a.

Apre rankont ki jwe yè swa nan Houston Tekzas kote Honduras woule Kuba 5 a 0 gras ak 4 gòl Carlos Pavon make epi Meksik ranpòte yon viktwa tou mens devan Panama 1 a 0, nou gen yon lide sou peyi ki klase pou kar de final koup dò KONKAKAF la kap kòmanse Samdi. Kanada kont Gwatemala epi Etazuni kont Panama. Dimanch Honduras kont Gwadeloup epi Meksik kont Kosta Rika. Venkè yo ap kalifye pou semi final la.

Footbalè brezilyen Ronaldinho admèt move randman fizio anpeche l satisfè atant ki genyen pandan sezon an. Ronaldinho rekonèt movèz pèfòmans fizik li afekte l seryezman. Msye espere travay anpil pou l mete l nan menm nivo ak rès footballè kap evolye nan FC Barselòn. La Oland kalifye pou semi final chanpyona football Eropeyen Juniò apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Portugal yè Mèkredi a.

Basketball

Aswè a nan Cleveland Ohio, ekip lokal la Cavaliers ap akeyi San Antonio Spurs nan kad 4 trièm rankont pou detèmine nouvo chanpyon nasyona pou sezon an. San Antonio, kap domine seri a 3 viktwa 0 defèt, kapab ranpòte mayòl la, si kale Cleveland Cavaliers.

Tennis

Numewo 5 tenis mondyal maskulen ameriken Andy Roddick ak Kwat Marin Cilic kalifye pou kar de final tounwa tenis kap dewoule nan vil Lond.

Tchèk Tomas Berdych pat rankontre difikilte pou l kalifye nan semi final tounwa tenis Gerber la an Almay apre advèsè l Rus Mikhail Youzhny anbandone rankont la pou blesu.

XS
SM
MD
LG