Accessibility links

Breaking News

Ayiti Retounen Lakay San Viktwa


Football

Seleksyon nasyonal ayisyen elimine nan koup dò KONKAKAF la yè swa nan Miami apre defèt-li 2-0 devan Kanada ki kalifye pou kar de final la apre li kale . Seleksyon ayisyen an fini an dènye pozisyon nan group A ak 2 pwen swa yon defèt ak 2 match nul. Kosta Rika kalifye pou kar de final la apre li kale Gwadeloup 1 a 0. Gwadeloupeyen yo, ki klase 3 zièm ak 4 pwen ap tann rès tounwa a pou konnen si yap kalifye kòm meyè 3 zièm. Konpetisyon-an ap kontinye jodi-a .

Nan group B a Etazuni ap rankontre Salvador epi Trinidad-Tobago kont Gwatemala--2 zièm plas pou group sa a toujou disponib. Rankont sa yo ap jwe nan Foksboro Massachussets.

Entènasyonal Fransè Tierry ki tap patisipe yè swa nan vil Lyon nan jubile brezilyen Sony Anderson demanti nouvèl ki parèt nan magazine fransè Frans Foutbòl kòm kwa li ta jwenn yon antant ak dirijan Barselòn-yo pou yon kontra 3 zan . Tierry Henri presize se pa premye fwa ni dènye fwa moun ap pale pou li. Li ajoute ke li toujou rete yon jwè Arsenal .

Selon magazinn fransè-a , Kontra-a ta dwe mete nan pòch Titi Henri yon afè de 12 ak 15 milyon dola ...sa ki tap depase de 40 pousan salè lap touche nan Arsenal. Nap raple jiskaprezan , kontra Titi Henri ak Arsenal la pou jiskan 2011.

Dunga rele Julio Baptista apre Ze Roberto deklare fòfè pou Copa AMerica akp dewoule nan peyi Venezuela soti 26 juin pou rive 15 juyè. Ze Rpberto ki fenk jwen yon kontra ak Bayern de Munik di li pap jwe pou Selesa-o pou-l konsakre-l a fen karyèl.

Basketball

Aswè a nan Cleveland, ekip lokal-la , Cavaliers ap rankontre San Antonio Spurs nan kad 3 zièm seri 7 rankont final chanpyona Nasyonal la. San Antonio Spurs ap men-nen 2 a 0.

Tennis

nan tounwa Queenàs Club-la kap dewoule nan vil Londr, ameriken Anndy Roddick, (2) kalifye pou 3e tou apre viktwa-l an 2 sèt : 6-4, 6-4 sou tchèk Radek Stepanek. Se yon tounwa preparasyon pou Roddick ki pral jwe Wibledon-nan ki gen pou kòmanse le 25 juin pwochen. Nan lòt match ki dewoule jodi-a koat Ivo Karlovitch kreye la supriz lè-l eleimine ameriken mardi Fish an 2 sèt : 6-3, 6-4. Kalifikasyon pou fransè Sebastien Gros-Jean ki elimine an 2 sèt 6-4, 6-2 alman Michael Berrer.

Boxe

Ansyen chanpyon boks Porto Riken Hector Camacho kondane nan yon tribunal nan Mississippi pou l pase 7 tan prizon pou kanbriyolaj. Sepandan msye kapab pa fèmen nan prizon si otorite Porto Riken yo dakò pou kenbe l an rezidans surveye l pandan yon lane epi pou l pa mele nan deblozaj pandan 2 zan.

XS
SM
MD
LG