Responsab Polis Nasyonal la (PNH) dekrete eta dalèt maksimòm apre eleman kap sikile abò machinn te tire aboupòtan sou pyeton ak mounn ki tap tann kamyonèt dimanch swa nan Petion-Ville, yon katye rezidansyèl alès kapital ayisyen an, Pòtoprens. Dapre enfòmasyon kap sikile an'n Ayiti, eleman yo ta sòti nan Repiblik Dominikèn e yo te nan yon pickup Toyota, jou yo te komèt fòfè yo a. Otorite lapolis yo louvri yon ankèt e ya'p fè fouy atravè rejyon metwopoliten an ak nan katye alantou yo pou wè si yo ta poze men sou moun sa yo.
Ale sou ralonj ki anlè atik la pou n' koute deklrasyon responsab polis Pétion-ville la nan mikwo Jean-Pierre Leroy.