Accessibility links

Breaking News

Au Revoir Serena Williams


Tennis

Ameriken Serena Williams fè malèt nan tounwa Tenis Roland Garos apre li tonbe devan bèlj Justine Henin ak 2 kout rakèt 6-2, 6-3. Henin pral rankontre nan semi final la ak Sèb Jelena Jankovic ki elimine Tchèk Nicole Vaidisova 6-3, 7-5. Pou la premyè fwa Rus Maria Sharapova kalifye pou semi final tounwa a apre li elimine konpatriòt li Anna Chakvetadze an 2 manch 6-3, 6-4 . Manmzèl pral rankontre nan semi final la ak Anna Ivanovic ki elimine Svetlana Kuznetsova 6-0, 3-6, 6-1.

Espayòl Rafael Nadal pral rankontre konpatriòt li Carlos Moya pou konnen ki lès pami yo kap kalifye pou semi final tounwa tenis Roland Garos la kap dewoule nan vil Pari. Sèb Novak Djokovic pral rankontre nan kar de final tounwa a Rus Igor Andreev ki klase 125 kièm mondyal--piba nivo ki klase pou kar de final la. Swis Roger Federer kont Tommy Robredo. Nikolay Davidenko kont Guillermo Canas

Football

Footballè franse Claude Makelele louvri yon pòt pou l ta vinn jwe Ozetazuni apre li fè konnen avni l nan Chelsea poko finn klè. Makelele fè konnen li pa ge oken pwoblèm pou l jwe pou seleksyon franse a nan okazyon Ero 2008 la. Gen posibilite pou David Beckham jwe pou Angletè nan match kalifikatif Ero 2008 la kont Letoni. La polis nan Sao Paolo o Brezil fè konnen yo arete 2 fanatik klub football Palmeiras ak 2 grenad nan moman yo tap pare pou lanse yon atak sou otobus ki tap transpòte fanatik klub Cruzeiro-Nap raple Palmeiras te pèdu rankont la la 3 a 1 fas a Cruzeiro.

Pratikman seleksyon 12 peyi KONKAKAF yo deja sou plas nan kad premye tou koup dò chanpyona rejyonal la Demen Mèkredi a nan stad Oranj Bowl la nan Miami Costa Rikca kont Kanada epi Gwadeloup kont Haiti

Basketball

Preparatif yo ap kontinye pou final NBA a ant Cleveland Cavaliers ak San Antonio Spurs Jedi kap vini la a nan kad seri 7 match. Ekip ki ranpòte 4 rankont ap konsakre kòm chanpyon Nasyonal pou sezon 2007 la.

XS
SM
MD
LG