Accessibility links

Breaking News

Yon Anvwaye Espesyal l'ONU di Otorite Ayiti yo Pran Twòp Reta pou yo fè Refòm


Ayiti-Refòm: Yon anvwaye espesyal Nasyon Zini fè konnen otorite peyi Dayiti yo pran twòp tan pou yo fè refòm nan sèten enstitisyon peyi a, tankou lapolis, sistèm jistis la, elatriye. Espesyalis nan kesyon dwazimen Louis Joinet pale konsa pandan yon vizit l ap fè nan Pòtoprens.

Ayiti-MINUSTAH: Pandansetan, responsab Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) anonse yo pral itilize tout resous yo gen a la dispozisyon yo pou yo mete men sou moun ki responsab lanmò òm-de-teyat François Latour.

Ayiti-Jistis. Yon lòt kote, lajistis nan vil Okay libere pwovizwaman yon relijye ak 2 lòt moun yo sispèk ki ta enplike nan yon dife ki te pran nan yon legliz sa gen plis pase 6 mwa.

Ayiti Kiltirèl : Anfen atansyon anpil moun pral fikse weekend sa a -e pandan 3 jou-- sou vil Jakmèl nan okazyon 3 jou festival entènasyonal k ap reyini plis pase 20 atis ak group mizikal nan kapital Depatman Sidès la.

Klike sou lyen ki anlè a pou n tande devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis e korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG