Accessibility links

Breaking News

Chili Echwe Devan Haiti


Football

Seleksyon nasyonal ayisyen an fè match nul 0 a 0 ak Chili nan kad match chofe jarèt 2 seleksyon yo ap fè pou patisipe an koup dò KONKAKAF la ak Kopa Amerika a. An leve de rido seleksyon kadè feminen an kale tokay chilyen yo 3 a 2. Seleksyon seniò ayisyen an ta dwe pran avyon maten an pou ale nan Trinidad kote yo pral patisipe nan yon kwadrangulè ak Meksik, Salvador ak Trinidad and Tobago.

Fanatik Milan AC yo ap selebre maten an apre klub la ranpòte tit Lig dè chanpyon Eropeyen an devan Liverpool ke li kale 2 a 1 gras a 2 gòl Filipo Inzaghi make. Yon viktwa ki reprezante revanch 2005 lè Liverpool te kale Milan AC sou tir de penalite aloske klub Italyen tap men-nen 3 a 0.

La polis arete 128 fanatik ki swa tap chache antre nan stad la san tikè ou byen ak fo tikè.

Sou kontinan Eropeyen anantrenè seleksyon football franse a Raymond Domenech nonmen Jimmy Briand kap jwe nan Stad de Rèn, Barkary Sagna kap evolye nan Oksèr ak gadyen Fiorentina Sebastien Frey kòm nouvo venu nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la kont Ukrèn ak Jòrji mwa pwochen an. Sepandan msye Domenech toujou pa fè apèl ak David Trezeguet kap jwe nan Juventus de Turen.

An Almay kapitèn selekyon an Michael Ballack enfòme antrenè seleksyon an li pap kapab jwe pou peyi l kont San Marino 2 Jwen kap vini la a epi Slovaki 4 jou pita akoz yon blesu. Rankont sa a figure pami rankont group D eliminatwa Ero 2008 la.

Responsab yo an Irak siyen yon kontra ak brezilyen ak Jorvan Vieira kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la ki pral patisipe nan faz final koup Wès ak koup Azyatik la an Jwen ak Juyè pwochen nan Jordani ak 4 lòt peyi Azi du Sudès la.

An match amikal entènasyonal Ekwatè fè match nul 1 a 1 ak Irland nan kad yon match chofe jarèt ki jwe nan East Rutherford nan New Jersey.

Los Anjeles Galaksi tonbe 1 a yo devan klub Ekosè yè Mèkredi a nan Karson Kalifòni. Nan Toronto Kanada FC Toronto fè match nul 0 a 0 ak Benfica. Toronto gen pou jwe yon lòt rankont an Juyè kont Aston Villa.

Nouvèl ki soti O Venezuela fè konnen gen posibilite pou tout stad yo pa pare avan tounwa Kopa Amerika a dapre yon delegasyon Konfederasyon football Amerik du Sud la ki sot pase yon semen ap vizite enstalasyon yo. Delegasyon an pwomèt pou l tounen 1 Jwen avan li pran yon desizyon. Kopa Amerika ki gen patisipasyon 12 peyi pami yo Etazuni kòm envite, ta dwe kòmanse 26 Jwen. Komite òganizatè a pwomèt tout stad yo ap pare pou akeyi konpetisyon an.

Basketball

Aswè a Cleveland Cavaliers pral lakay Detroit Pistons nan kad 2 zièm match final 7 match nan konferans de Lès la. Cleveland Cavaliers ap men-nen 1 a 0.

Federasyon Basketball ameriken an ajoute yon 8 jwè nan seleksyon nasyonal kap prepare pou tounwa kalifikatif je zolenpik yo. Responsab yo nonmen Carlos Boozer ak Deron Williams kap jwe nan Utah Jazz. Tyson Chandler ki soti nan New Orleans Hornets. Jason Kidd nan New Jersey Nets ak Mike Miller nan Memphis Grizzlies.

Greg Oden kap jwe nan Ohio State , Kevin Durant nan Tekzas ak Tayshaun Pince kap jwe nan Detroit fè pati seleksyon an ki pral patisipe nan yon minicamp avan eliminatwa a kòmanse nan Las Vegas Nevada a pati de 22 Out. Gen 10 peyi kap soti nan rejyon an. 2 peyi nan Amerik yo ap kalifye pou je zolenpik Peken 2008 yo. 3 zièm ak 4 trièm nan pral patisipe nan yon tounwa repechaj Federasyon Intènasyonal Basketball la ap òganize pou detèmine 3 dènye kalifye yo.

Houston Rockets siyen yon kontra ak Rick Adelman pou dirije ekip la apre yo revoke antrenè Jeff Van Gundy apre Rockets yo fini sezon an ak 52 viktwa 30 defèt pibon pèfòmans yo nan 10 dènye ane yo. Adleman ap pran tèt Rockèts yo ak yon palmarès 752 viktwa kont 481 defèt pandan 16 sezon. Adelman, ki pase 2 move sezon nan kòm antrenè Golden State, te men-nen Sakramento Kings nan 8 faz final youn apre lòt ak yon palmarès 70 viktwa 68 defèt.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen Swis Roger Federer ak ansyen numewo 1 ameriken Pete Sampras ki pran retrèt li pral jwe antre yo nan yon toune 3 vil Azyatik an Novamm pwochen. 2 vedèt yo gen pou jwe youn kont lòt nan Sewoul 20 Novanm --22 Novanm nan Kuala Lumpur, epi nan nouvo stad 15 mil plas Macau la 24 Novanm. Nan nivo konpetisyon entènasyonal Federer te rankontre ak Pete Sampras nan 4 trièm tounwa tenis Wimbledon nan an 2001-yon match Federer te ranpòte an 5 manch. Konsènan inogurasyon konplèks otèl Macau la an plis de match tenis la pral gen yon rankont football ant Manchester United ak seleksyon nasyonal Chinaw a epi yon match basketball ant Orlando Majik ak Cleveland Cavaliers.

Cyclisme

Depozisyon ki tap fèt sou akuzasyon dopaj siklis ameriken Floyd Landis pandan kous bisiklèt Tour de Frans la fini yè Mèkredi a nan Malibu an Kalifòni. Avoka ki reprezante siklis ameriken an santre deba yo sou enkonpetans ak move entansyon teknik laboratwa franse ki te fè analiz echantiyon urin nan. Nouvèl yo fè konnen li kapab pran yon mwa pou verifyfe done yo avan yo pran yon desizyon. Kèlke swa pati ki viktim nan--Landis ou byen Ajans Anti Dopaj Ameriken an--gen anpil posibilite pou pati viktim nan ale an apèl devan Tribunal Abitraj Spòtif la ki nan vil Lauzan an Swis.

XS
SM
MD
LG