Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Polis Nasyonal la Deklare Y’ap Pran Mezi Pou Anpeche Ensekirite a Rekòmanse


Yon responsab polis nasyonal peyi Dayiti deklare enstitisyon an pral pran tout dispozisyon pou ampeche bandi rekòmanse komèt move zak nan kapital la.

Msye Frantz Lerebourg fè deklarasyon sa a apre asasinay Mr. François Latour, yon publisist e òm de teyat yo konnen byen nan milyeu komèsyal, medyatik e entèlektyèl ayisyen an.

Yon repòtaj Jean-Pierre Leroy.

Yon responsab politik ayisyen kritike gouvènman an ki, daprè li, pa fè efò ase pou sezi lajan ansyen diktatè Jean Claude Duvalier posede nan Bank Swis.

Òm-politik la bay reyaksyon sa a apre otorite Swis yo te anonse y’ap remèt Misye Duvalier 6 milyon 200 mil dola gouvènman ayisyen an te mande otorite Laswis yo jele an 1986. Detay avèk Rotchild Francouis Jr.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 23 me 2007.

XS
SM
MD
LG