Accessibility links

Breaking News

Itali Toujou nan Tèt Klasman FIFA a


Football

Nan klasman mansuèl FIFA -a , Itali toujou kenbe premye devan ansyen numewo 1 an Brezil, Arjantinne an 3 zièm pozisyon devan Lafrans, Almay, Oland, Pòtugal, Angletèr, Espay ak Republik Tchèk konplete tablo 10 premye-yo. Fòk nou ale nan 20e plas-la pou jwenn yon ekip nan zòn Konkakaf-la ki se Meksik.

Jounal Spòtif Mundo Deportivo anonse ke responsab FC Barselòn-yo kòmanse fè diskusyon ak franse Thierry Henry kap jwe nan Arsenal pou yon evantuèl transfè.

An Itali, Milan AC ap mete sou teren yon ekip rezèv nan kad match avanse Chanpyona Italyen an demen Samdi a kont Udinese. Rezon an se pou pèmèt jwè titulè yo prepare pou final Lig dè Chanpyon Eropeyen an kont Liverpool nan vil Atè n an Grès semen kap vini la-a . Nou imajine kwe antrenè Carlo Ancelloti ap aliye Ronaldo ki pap ka jwe final-la kont Liverpool .

Federasyon Football Kanada a non-men Dale Mitchell kòm nouvo antrenè seleksyon Kanada a ki klase 94 zièm mondyal nan klasman FIFA a. Mitchell, kap antrene seleksyon Juniò a, ap kòmanse nouvo djòb la apre koup du mond kadè a. Premye tès-la se pou 22 Out kont Island.

Seleksyon Kadè ayisyen an ap jwe 2 match de preparasyon nan wikenn : youn kont Perou jodi Vandredi a nan vil Sen Mak ; e lòt-la Dimanch nan Pòtoprens. Perou kalifye pou Mondyal Kadè-anan Kore-du-Sud . Epi yon lòt kote, nan Miami se pral final 7e edisyon Koup Madan Gougous-la kap mete fas-pou-fas : Okap ak Nacional Onduras. Anpil aktivite ap òganize nan satd-la avan kou danvwa final sa-a .

Basketball

Detroit Pistons kalifye pou final konferans de Lès pou yon 5 kièm ane afile apre li elimine Chikago Bulls 95 a 85 nan okazyon 6 zièm rankont seri 7 match semi final la. Detroit ap rankontre an final ak venkè seri rankont ant Cleveland Cavaliers ak New Jersey Nets kap rankontre jodi a pou yon 6 zièm fwa. Cleveland ap domine seri a 3-2. Jodi a toujou nan konferans de Lwès la, San Antonio Spurs ap rankontre Phoenix Suns pou yon 6 zièm fwa--yon seri Spurs yo ap domine ak 3 -2. Venkè seri a ap rankontre an final konferans de Lwès la ak Utah Jazz ki te elimine Golden State Warriors. Chanpyon 2 konferans yo ap rankontre nan yon seri final 7 match pou detèmine nouvo chanpyon nasyonal pou sezon an.

Tennis

Nan seri dè mèt Hambourg-la , suis Roger Federer (numewo1 ) kalifye pou demi-final apre viktwa an 3 sèt 6-3, 4-6, 6-3 sou espayòl David Ferer . Federer ap rankontre nan demi final ak yon lòt espayòl Carlos Moya ki elimine Novak Djokovitch an 3 sèt . Espayòl Raphaèl Nadal (no 2) ap gen rankontre ak chilyen Fernando Gonzalez.

Epi kay medam-yo nan tounwa Wòm-nan , Jelena Jankovic kalifye pou demi final apre viktwa-l sou rus Elena Dementieva an 2 sèt : 6-2, 6-1. Kalifikasyon tou pou suis Patty Schnyder sou amerikèn Serena Willliams :2 sèt a 1.

XS
SM
MD
LG