Prezidan aysiyen an, René Garcia Préval, fè yon vizit 4 jou nan Washington sòti 7 pou rive 10 me pase a.
Lidè Ayiti a te genyen yon pwogram trè chaje kote li rankontre, antwòt, avèk Prezidan George W. Bush nan la Mezon Blanch, manm Black Caucus la nan Kongrè Lèzetazini an, epi manm dayspora ayisyèn nan nan yon brase-lide ki te dewoule nan katye-jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan kapital Lèzetazini an. Nan Ti Koze sou Aktyalite samdi 12 me pase a, Lyonel Desmarattes te jete yon kout-je sou kèk nan gran moman vizit misye Préval nan kapital federal la.
Klike sou lyen anlè a pou w koute Ti Koze.