Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò Koup du Mond Kadè a Dewoule Jodi a nan Sewoul


Football

Ayiti trouve l nan menm group ak Nijerya, la Frans ak Japon dapre tiraj osò koup du mond kadè a ki dewoule jodi a nan Sewoul. Dapre tiraj osò a Ayiti, ki nan group D a, ap jwe premye rankont li kont Japon le 19 Out apre rankont Nijerya la Frans la. Le 22 Out kont la Frans epi le 25 Out kont Nijerya.

Perou trouve l nan menm group ak Kore du Sud, Kosta Rika ak Togo ki fòme group A a. Nan group B a nou jwen Kore du Nò, Angletè, Brezil ak Nouvèl Zeland ,. Group C a, Honduras, Espay, Arjantin ak la Siri. Group E a gen ladann Beljik, Tunizi, Tajikistan ak Etazuni.Group F la se Kolonbi, Almay, Trinidad and Tobago ak Gana.

Dapre règleman yo 16 peyi sou yon total ap kalifye pou 8 tièm de final la ki se an mè m tan faz dechoukaj la. Seleksyon Kadè ayisyen an ap jwe 2 chofe jarèt entènasyonal kont Perou demen Vandredi a nan vil Sen Mak ak Dimanch nan Pòtoprens. Perou kalifye pou faz final la kap kòmanse soti 18 Out pou fini 9 Septanb.Klub football Espayòl FC Seville konsève tit Unyon Football Eropeyen an apre viktwa sou tir de penalite yo ranpòte devan Espayòl 3 a 1 apre tan reglemantè a te fini 2 a 2. Seville kapab ajoute lòt tit si l ranpòte Lig Espayòl la ak tit Koup Wa Espay la.

Basketball

New Jersey Nets pase akote yon eliminasyon apre li kale Cleveland Cavaliers 82 a 72 yè swa nan okazyon 5 kièm rankont semi final konferans la. 2 ekip yo ap rankontre demen nan New Jersey. Nan konferans de Lwès la San Antonio Spurs remonte yon defisi 11 pwen pou l kale Phoenix Suns 88 a 85 e domine seri a ak 3 viktwa 3 defèt. 2 ekip yo ap rankontre demen Vandredi lakay San Antonio.

Responsab yo nan NBA a anonse yo pral louvri yon buro nan vil Lond avan debu pwochen sezon an ak objektif pou ogmante enterè nan Lig la. Responsab yo di yon lòt objektif se pou ede basketè Britanik yo prepare pou Je Zolenpik Lond ap òganize an 2012. Responsab yo anonse tou yon match amikal ant Boston Celtics ak Minnesota Timberwolves nan vil Lond le 10 Oktòb. Menm lè vil Lond ap akeyi konpetisyon an Federasyon Mondyal Basketball la fikse kondisyon ekip Basketball Britanik la dwe satisfè pou yo patisipe nan tounwa a pandan je zolenpik yo.

XS
SM
MD
LG