Accessibility links

Breaking News

Omwen Yon Moun Mouri Nan Inondasyon Nan Sid Ayiti


Men kèk nan prensipal nouvèl Ayiti pou 10 me 2007 la:

---Lapli k'ap tonbe ann Ayiti koze lanmò e fè anpil dega nan plizyè lokalite nan peyi a. Yon repòtaj Renan Toussaint depi Pòtoprens ki di nou yo konte omwen yon mò ak plizyè blese.

---Yon ansyen kandida-a-la-prezidans mande chèf leta a pou l entèvni nan konfli ki sanble ap devlope ant Palman an ak Minis Jistis la sou dosye lanmò jij Hugues St-Pierre la. Korespondan nou Rotchild François Jr. gen detay.

---Lapolis nan vil Kap-Ayisyen arete plis pase 10 moun yo sispèk ki t'ap prepare yo pou yo pran lanmè pou yon vwayaj nan Florid oubyen pou yo ale nan lòt zile nan Karayib la. Yon korespondans Yvan Martin Jasmin.

---Militan ayisyen nan Miami fè konnen yo gen kè-sote devan kantite konpatriyòt k'ap riske lavi yo sou lanmè, swa pou yo antre ozetazini, swa pou yo ale lòt kote. Korespondan nou Yves Mompremier ap ban nou kèk reyaksyon depi vil Orlando nan eta Florid.

Pou w ka koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG