Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Byen Akeyi Prezidan Préval nan La Mezon Blanch


Prezidan ayisyen an, René Préval, remèsye prezidan Bush poutèt li te sètifye lwa HOPE la, yon lwa kap pèmèt Ayiti ekspòte pwodwi tekstil ozetazini san l pa peye tarif dwanye.

Msye Préval di prezidan Bush ke lapè retabli ann Ayiti, li lè pou envestisè ameriken vinn envesti nan peyi a. Li di li pral lite kont kontreband, kont dwòg e kont koripsyon, donk envestisè yo pap bezwen pè vinn envesti ann Ayiti. Msye Préval remèsye prezidan Bush tou pou pwogram Etazini finanse kont maladi Sida ann Ayiti.

Klike sou lyen anlè a pou w koute deklarasyon prezidan Bush ak prezidan Préval fè pandan rankont la nan la mezon blanch.

XS
SM
MD
LG