Accessibility links

Breaking News

Peyi Lafrans: Nicolas Sarkozy Prezidan!!!


Dimanch 6 me 2007 la, 85-pousan sou plis pase 40 milyon moun ki gen dwa vote nan peyi Lafrans te deplase al nan biwo vòt atravè Egzagòn nan pou yo chwazi yon ranplasan pou Prezidan Jacques Chirac.

Apre pifò bilten yo te fin konte, li te parèt klè ke kandida zèl dwat la, Nicolas Sarkozy, te ranpòte yon viktwa san manti sou advèsè sosyalis li a, Ségolène Royal. Otorite nan Ministè Enteryè rapòte chif sa yo: apeprè 53-pousan pou Sarkozy (UMP) e apeprè 47-pousan pou Royal (PS).

Ki pwogram Sarkozy pral aplike apre li va fin pran pouvwa a nan espas 10 jou—jou viktwa li a va konsakre ofisyèlman ? Ki sa dirijan lagoch yo, prensipalman nan Pati Sosyalis la, pral fè kounye a ?

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute kèk deklarasyon ki te fèt apre anons viktwa Msye Sarkozy a.

XS
SM
MD
LG