Accessibility links

Breaking News

Antèman Jij Hugues Saint-Pierre Pa Chante Samdi 5 Me a


Ayiti-Jistis: Antèman Jij Hugues Saint-Pierre ki te dwe chante Samdi 5 me a sou plasdam Gonayiv la --daprè anons ki te parèt nan laprès-- ranvwaye sou demand fanmi defen an ak otorite yo. Nouvèl yo fè konnen fanmi an ak responsab lajistis yo vle kontinye ankèt sou aksidan ki te touye majistra a anvan yo pran desizyon sou yon nouvo dat pou antèman an. Pandansetan, manm bawo avoka Gonayiv la, gwoup dwamoun nan Latibonit ak lòt sektè mande otorite lajistis yo fè limyè sou aksidan fatal la.

Vizit nan Lavwadlamerik: Yon lòt kote, Samdi 5 me a, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te resevwa vizit yon delegasyon pastè ak fidèl ki te sòti New York: yo fè pati "Mission Evangélique Le Christianisme" ki gen baz li nan peyi Dayiti avèk yon branch nan New York. Delegasyon sa a --ki te genyen 26 manm ladan-- te debake nan radyo a aprè yon vizit koutwazi nan misyon diplomatik Dayiti a nan Washington kote anbasadè Raymond Joseph te resevwa gwoup la. Nan yon entèvyou chèf delegasyon an, Reveran Pastè Jude Valéry bay VOA, nou mande l antwòt --puiske l ap viv ann Ayiti-- sa l panse ki dwe fèt pou kontinye travay ki kòmanse pou retabli sekirite nan peyi a e sitou elimine nèt fenomèn kidnaping nan.

Klike sou lyen anlè a pou w koute detay nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG