Ayiti-Libète Laprès: Lidè RNDDH la (Rezo Nasyonal pou Defans Dwamoun ann Ayiti), Pierre Lespérance, lanse apèl pou l mande otorite yo fè limyè sou dosye plizyè jounalis ki te viktim sou rejim pase yo. Misye Lespérance --ki t ap fè bilan libète laprès nan peyi a nan dat 3 Me a, Jounen Entènasyonal Libète Laprès-- fè konnen, si pa gen vyolasyon dwa jounalis sou gouvènman ki la a, danje a toujou prezan, paske travayè laprès ki te viktim yo poko jwenn jistis.
Ayiti-Kowoperasyon: Yon lòt kote, Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) inogire kèk pwojè sante nan Depatman Sidès la. Daprè kalkil ki fèt, reyalizasyon pwojè sa yo te koute plis pase yon milyon dola ameriken.
Anfen Ayiti-Jistis: Nan Depatman Sid la kou nan Depatman Latibonit la, apèl ap sòti pou mande otorite lajistis yo, yon kote, peye jij yo kòmsadwa si yo vrèman vle fè refòm nan sistèm jistis la, epi, yon lòt kote, pou yo fè limyè sou aksidan dwòl --e menm misterye-- ki te touye jij Hugues Saint-Pierre semèn pase a. Mèt Saint-Pierre t ap mennen ankèt sou masak Lasiri a, tou prè vil Sen Mak.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.