Accessibility links

Breaking News

Milan AC kont Liverpool nan Final Lig Chanpyon an


Football

Milan AC supran Manchester United ak yon swif 3 a 0 nan semi final retou Lig dè chanpyon Eropeyen an nan stad San Siro a an Itali. Milanè yo pral rankontre an final ak Liverpool ki elimine Chelsea sou tir de penalite 4 a 1. Final la ap jwe nan vil Atè n an Grès 23 Me kap vini la a.

Klub football Espayòl de Barselòn pati favori lè lap rankontre ak Werder de Brèm nan semi final retou Koup UEFA a. Espayòl te ranpòte match ale a 3 a 0.Osasuna pral chache konsève avantaj tou mens li genyen devan FC Seville ke li te kale 1 a 0 nan match ale a. Venkè yo ap rankontre an final le 16 Me nan Glasgow an Eskòs.

Antrenè klub Olandè Feyernoord Erwin Koeman demisyone nan tèt klub la ki fini 7 tièm nan chanpyona premyè divizyon Olandè a. Koeman te ranplase Ruud Gullit an 2005 e te ede klub la fini an 3 zièm pozisyon.

Isit Ozetazuni D-C United ki klase avan dènye nan konferans de Lès la ap akeyi New England Revolution.

Nan Jamayik kote faz final KONKAKAF chanpyona du mond Kadè a ap dewoule Etazuni kale Kanada 2 a 1 epi Kosta Rika ranpòte yon viktwa tou mens devan Jamayik. Nan klasman jeneral la Kosta Rika gen 7 pwen, Etazuni gen 6 pwen epi Kanada gen 4 pwen. Jamayik ak Trinidad and Tobago gen 0 pwen yo chak. 2 ekip ki matematikman elimine. Demen Vandredi Kanada pral mate balon fas a Trinidad and Tobago epi Jamayik ap jwe kont Etazuni. 3 premye nan group sa a ap kalifye pou faz final koup du mond kadè a kap dewoule an Kore du Sud. Ayiti ak Honduras se 2 lòt peyi kap reprezante rejyon an nan koup du mond la pandan ete a.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an franse Michel Platini kòmanse fè chanjman nan tèt òganizasyon football kontinan prèske 100 depi lap dirije enstitusyon an.

Responsab Afrik du Sud yo pat mete dlo nan bouch yo pou kritike nouvèl ki fè konnen yo pa kapab òganize koup du mond FIFA a an 2010. Responsab yo fè konnen kòmantè prezidan FIFA Sepp Blatter fè kote li idantifye yon seri de peyi ki kapab òganize koup du mond la kòm yon move entèpretasyon. Yon tribunal dapèl ameriken mande pou yon komite abitraj Swis pwononse l sou konfli ki genyen ant Master Card ak Visa sou patwonaj 2 pwochen koup du mond yo.FIFA te pote afè a devan yon tribunal Swis apre yon juj ameriken te deside pou Master Card patwone 2 pwochen koup du mond yo aloske FIFA te bay Visas dwa patwonaj la. R

esponsab Master Card yo di se yo ki gen dwa a. Avoka ki reprezante òganizasyon football entènasyonal la di kontra ki genyen ant FIFA ak Master Card bay yo dwa pou diskute tout pwoblèm ki ta genyen olye de yon tribunal. Kesyon ki nan sant deba a èske FIFA dwe swiv akò li te siyen ak Master Card an 2005 ou byen akò li pat siyen an Mas 2006 la.

Federasyon Football Ekwatè a leve entèdiksyon yon lane ki tap peze sou atakan seleksyon an Agustin Delgado pou patisipasyon nan lese frape pandan yon match football. Delgago pwomèt pou l pa mele nan yon lòt batay ankò.

Basketball

Aswè a Dallas Marvericks pral lakay Golden STate Warriors ki bezwen yon viktwa pou l kalifye. Warriors yo ap domine seri 3 viktwa kont 2 defèt. Lòt rankont la ap mete bab pou bab Houston Rockets kont Utah Jazz--seri a 2 viktwa patou.

Yè swa San Antonio Spurs ak Phoenix Suns-2 meyè ekip nan NBA a pral rankontre nan faz final la apre rankont ki jwe yè Mèkredi a. San Antonio Spurs elimine byen fasil Denver Nuggets ak yon viktwa 93 a 78 pou l ranpòte 4 trièm rankont la fas Nuggets ki te ranpòte premye match 2 ekip yo te jwe nan seri 7 rankont la. Amare Stoudemire make 27 pwen pou ede Phoenix Suns kale Los Anjeles Lakers 119 a 110. Premye rankont ant 2 belijeran yo ap kòmanse Dimanch.

XS
SM
MD
LG