Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Premye Me a ann Ayiti : Fwar Atizanal ak Manifestasyon  


Ann Ayiti, laprès pale de siksè popilè fwar atizanal tradisyonèl otorite yo mete sou pye chak ane sou Chandmas, nan Pòtoprens, pou make Fèt Travay ak Agrikilti a. Pandansetan, te gen manisfestasyon nan kapital la kote patisipan yo t ap mande gouvènman an kreye travay nan peyi a.

Yon lòt kote, yon manm palman an lanse apèl bay polis nasyonal la pou mande otorite yo elaji kad operasyon PNH ak MINUSTAH lanse pou konbat zak vyolans ak ensekirite nan peyi a. Daprè palmantè a, seri operasyon sa yo pa ta dwe konsantre nan kapital la sèlman alòske bandi yo aktif tou nan vil pwovens yo.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG