Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayiti a Mande Refòm Nan Konstitisyon 1987 la


Premye Minis Ayiti a, Jacques Edouard Alexis, mande pou gen nouvo jèfò pou refòme konstitisyon 1987 la. Nan weekend-nan, devan yon gwoup entelektyèl nan Inivèsite Entènasyonal Florid la (FIU), chèf gouvènman ayisyen an mande pou gen yon deba ouvè sou avni politik nasyon l'ap dirije akote Prezidan René Préval la. Li kwè pandan travay pou rebati peyi a sou pye, fòk moun fikse atansyon yo sou manman lwa a.

Pou Jacque Edouard Alexis, se yon lenjistis pou Ayisyen pa ka gen doub sitwayènte. Bank Entèramerikèn Devlopman fè konnen nan ane ki sot' pase a, Ayiti te resevwa prèske 1 milya 700 milyon dola nan men diaspora a, sitou imigran ki ozetazini.

Pou w ka koute tout repòtaj la, ak vwa Jacques Edouard Alexis, fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG