Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Anonse Pral Gen 3 Nouvo Komisarya Polis Nan Site Solèy


Ayiti siyen ak Etazini yon akò 20 milyon dola ki, daprè Chèf gouvènman ayisyen an, pral sèvi pou plizyè pwojè devlòpman ak konstriksyon tywa 3 komisarya polis nan Site Solèy. Yon korespondans Rotchild François, Jr.

Palman ayisyen an anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou yon aksidan bato kote plis pase 15 pasaje te mouri tandiske plizyè dizèn lòt te blese. Korespondan nou Renan Toussaint gen kòmantè yon manm komisyon ankèt la.

Yon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a -ki tap vizite Sidès peyi-a-- fè konnen se kandida yo ak pati politik yo ki ta gen pou peye konsekans la, si patizan yo ta fè dezòd pandan dewoulman eleksyon konplemantè dimanch 29 Avril-la. Jean Martinez ap enfòme nou depi vil Jakmèl.

Kèk jou apre la polis te arete yon chèf bandi pa lwen Gonayiv, 2 lòt bandi ame renmèt zam yo nan vil sa a, kote nou jwenn korespondan nou Alfred Jean.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute detay yo.

XS
SM
MD
LG