Accessibility links

Breaking News

Inter de Milan Ranpòte Chanpyona Italyen an


Football

An Itali viktwa 2 a 1 Inter de Milan ranpòte devan Sienne Samdi konsakre l kòm chanpyon Seri Italyen an malgre manke kèk semen pou chanpyona fini. Inter ranpòte konpetisyon an pou yon 2 zièm ane afile.

Tiraj osò koup du mond football feminen an dewoule pandan Weekend nan an Chin ak chanpyon an tit la Almay ki trouve l nan yon group A a ansanm ak Japon, Angletè ak Arjantin. Japonè yo, ki elimine Meksik nan yon match de baraj, ap fè 5 kièm vwayaj li nan yon koup du mond. La Chin peyi a òganizatè a, trouve nan yon group D a ansanm ak Nouvèl Zeland, Danmak ak Brezil. Group B a gen ladann la Swèd, Etazuni, Nijerya ak Kore du Nò. Nan group C a la Nòvèj, Gana, Ostrali ak Kanada.

Koup du mond la ap dewoule soti 10 pou rive 30 Septanb ak patisipasyon 16 peyi.

Isit Ozetazuni. New York Redbulls ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Houston Dinamo. Nan lòt rankont FC Dallas pilon-nen Kolorado Rapids 3 a 1. Chikago Fire kale Kansas City Wizards 2 a 1.Chinvas USA devore Real Salt Lake 4 a 0. Colonbus Crew fè match nul 2 a 2 ak New England Revolution.

Sou kontinan Eropeyen an balon pral woule demen Madi a nan semi final lig dè chanpyon an lè Milan AC ap rankontre ak Manchester United nan yon rankont gason pa kanpe. Nan lòt semi final la Chelsea ap rankontre Liverpool.

An Espay Villarreal ranje zafè FC Seville apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan FC Barselòn nan okazyon 31 nièm jounen chanpyona a. FC Seville woule Bilbao 4 a1 pou l mete a 1 pwen dèyè Barselòn ki gen 59 pwen nan klasman jeneral la.

Je Zolenpik

Vis prezidan komite òganizatè je zolempik Peken 2008 yo anonse Taiwan ap patisipe nan relè flanbo olenpik la. Responsab ap diskute sou detay kote tòch la pral pase avan yo fè yon anons definitif Jedi. Responsab Taiwanè pa vle fè kòmantè sou anons la.

Tennis

La Rusi, Itali, la Frans ak Etazuni kalifye pou semi final koup Konfederasyon an. Itali ap rankontre la Frans pandan Etazuni ap jwe kont la Rusi.

Basketball

Golden State Warriors suprann Dallas Mavericks ak yon viktwa 97 a 85 nan kad seri 7 match faz final NBAa. 2 ekip yo ap rankontre Mèkredi pou yon 2 zièm fwa. Toujou nan konferans de Lwès la Phoenix Suns woule Los Anjeles Lakers 95 a 87. 2 zièm match la fikse pou demen. Nan lòt match ki jwe yè Dimanch la Denver Nuggets te fè anpil efò avan li kale San Antonio Spurs 95 a 89 gras ak 31 pwen Allen Iverson make pou Nuggets yo. 2 belijeran yo ap jwe Mèkredi. Washington Wizards tonbe devan Cleveland Cavaliers 97 a 82. Samdi pase New Jersey Nets, Chikago Bulls, Detroit Pistons ak Houston Rockets yo tout ranpòte la viktwa devan ekip advès yo.

Cyclisme

Jounal franse Lekip rapòte echantiyon urin siklis ameriken Floyd Landis te gen tras sentetik testosterone. Jounal la di 7 echantiyon siklis ki te patisipe nan konpetisyon te teste negatif. Ajans Anti dopaj ameriken an te mande pou refè tès la nan menm tès laboratwa franse kont tès la te dewoule. Siklis ameriken Floyd Landis, ki te ranpòte kous bisiklèt la an 2006, pa janm sispann rejte akuzasyon kòm pran li konsome dròg pou l kapab ranpòte konpetisyon an. Landi gen pou l prezante devan yon komisyon disiplinè ameriken. Si otorite yo jwen li koupab Landis kapab resevwa yon suspansyon 2 zan epi pèdu tit la--premye venkè Tour de Frans kap pèdu trofe a.

Prezidan Unyon Siklis Entènasyonal la Pat McQuaid mande sekretè deta Espayòl la Jaime Lissavetzky pou l ede mete fen nan skandal Operasyon Puerto a nan ede l idantifye siklis ki te patisipe nan oprasyon an, Prezidan an vle pou analize tout echantiyon san nan an detay. Sa gen prèske yon lane otorite espayòl yo te arete doktè Eufemiano Fuentes ak 7 lòt anba akuzasyon sèvis yo ta rann siklis yo. Ankèt la enplike plis pase 50 siklis pou debouche sou favori siklis alman Jan Ullrich, Italyen Ivan Basso ak yon seri de lòt ki pat gen otorizasyon pou patisipe nan Tour de Frans la ane pase.

XS
SM
MD
LG