Accessibility links

Breaking News

Ayiti Woule Onduras ak Kout Boul


Football

Seleksyon nasyonal football Seniò ayisyen an deplasman woule Honduras 3 a 1 nan kad yon match amikal entènasyonal . Alexandre Boursiquaut, Eliphene Cadet ak Peter Germain , se non butè ayisyen-yo .

Tiraj osò koup du mond footbal feminen FIFA ap dewoule Dimanch an Chin ak Etazuni pati kòm favori pou ranpòte konpetisyon an yon 3 zièm fwa.

Federasyon Football Ameriken an anonse Etazuni gen pou l rankontre Japon 28 Juyè, Nouvèl Zeland le 12 Out epi Findland 25 Out avan li mete tèt pou koup du mond Football la ki gen pou dewoule an Chin. An Itali, Asosyasyon Abit Italyen yo suspann tanporèman 7 abit pou enplikasyon yo nan skandal ki frape football Italyen an.

Federasyon football Ostrali a anonse rankont seleksyon an te gen pou jwe kont Arjantin ranvwa pou pèmèt Arjanten yo prepare yon bon selekson pou rankont la. Federasyon an di Arjantin mande delè a akoz angajman jwè yo genyen an Eròp--donk match la fikse pou fen ane a. Ostrali te vle sèvi ak rankont la kòm yon match chofe jarèt avan je Azyatik yo. Lòt match chofe jarè Ostrali gen pou l jwe se Urugwe le 2 Jwen nan Sidney epi Sengapour le 30 Jwen.

Angle David Beckham ap fè pati ekip Real Madrid ki pral rankontre Valencia demen SAmdi a nan chanpyona Espayòl apre blesu te ba l yon kanpe lwen pandan 6 semen.

An Itali Milan AC pap gen sèvis Adriano ak Luis Figo lè yap rankontre ak Sienne Dimanch nan chanpyona Italyen an. Inter de Milan bezwen 6 pwen nan 6 dènye match yo gen pou jwe nan sezon regulye a si yo vle ranpòte tit la.

Ronalod ak Zidane ap patisipe nan publisite komèsyal anti povrete sineyas Wim Wenders ap reyalize. Video a kap reyalize an favè pwogram Nasyonzuni pou Developman vize ankouraje moun pou fè pati yon kanpay anti povrete disi 2015. Video a ap kòmanse nan fen Avril la.

Federasyon Football Irakyen an revoke antrenè a Akram Ahmed Salman 3 mwa avan faz final koup Azyatik la apre movèz pèfòmans seleksyon an sot renmèt nan koup Gòlf la. Desizyon an pran sou rekòmandasyon yon komite ki tap ankete sou pèfòmans seleksyon nan koup Gòlf la ki sot dewoule an Janvye. Irak te elimine nan premye tou a. Antrenè seleksyon Olenpik la Yahya Alwan, ki te ede ekip la kalifye pou faz final je Azyatik yo an Desanm se kandida favori pou pran tèt seleksyon ki pral patisipe nan faz final Koup Azyatik la. Irak nan menm group ak Tailand, Ostrali ak Oman.

FIFA ak Unyon Football Eropeyen an menase pou suspann Federasyon Football Masedwan nan a mwens ke gouvènman an suspann enjere nan zafè football peyi a. 2 antite football yo eksprime kè sote apre gouvènman an fèmen biwo federasyon an. CN-005

Basketball

Tripotaj-la ap demare demen samdi-a , nap pale de Playoffs , faz final NBA kote nap jwenn 16 ekip , 59 jwè etranje ki soti nan 28 peyi. Chanpyon sòtan an Miami Heat ki pa gen etranje pami kalifye-yo . Golden State Warriors, Phonix Suns, San Antonio Spurs ak Toronto Raptors gen yo chak 6 jwè etranje. La Frans, Lituani ak Sèbi gen 5 jwè yo chak kap patisipe nan faz final la. Lòt jwè soti nan Sloveni, Brezil, Arjantin, Congo, Senegal, la chin ak rejyon karayib la. Ane pase 44 jwè etranje ki te soti nan 25 peyi te patisipe nan faz final la ane pase. Sezon regulye a te gen 85 jwè etranje ki te soti nan 37 peyi.

Sezon NBA ane sa-a reprezante yon rekò nan kantite moun ki asiste rankont . Responsab yo anonse 21 milyon-841 mil-430 fanatik te asiste match pandan sezon regulye a. Demen Samdi a Washington Wizards ki fini an 7 tièm pozisyon pral rankontre Cleveland Cavaliers nan yon seri 7 match. Nan konferans de Lwès la Golden State Warriors kont Dallas Marvericks. Orlando Majik kont Detroit Pistons. New Jersey Nets kont Toronto Raptors. Los Anjeles Lakers kont Phoenix Suns se pami rankont faz final la.

Cyclisme

Siklis ameriken Levi Leipheimer ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour Jorji a pandan ke Slovèn Janez Brajkovic pran tèt klasman jeneral la

XS
SM
MD
LG