Accessibility links

Breaking News

Fòs Mentyen Lapè Entènasyonal la (MINUSTAH) ak Polis Nasyonal la Kontinye Operasyon yo nan Pòtoprens 


Ayiti-Operasyon Polisye: Fòs Nasyon Zini yo ak Polis Nasyonal la kontinye operasyon yo nan Pòtoprens kote yo fè plizyè arestasyon.

Aktivite Palmantè: Yon lòt kote, prezidan asanble nasyonal la, senatè Joseph Lambert, regrèt majorite palmantè yo vote kont yon lwa sou mwayen pou amelyore kalite "resous zimèn" ann Ayiti. Sepandan, Misye Lambert aplodi adopsyon kèk lòt lwa --pami yo genyen youn sou efò pou mete plis mwayen a la dispozyon pèsonèl biwo leta yo, ak yon lòt sou fason pou ranfòse patisipasyon Ayiti nan lit rejyonal kont trafik dwòg la.

Ayiti-Kowoperasyon Entènasyonal: Bank Entè-Amerikèn pou Devlopman (La BIB) fè konnen li dispoze e li pare pou l mete a la dispozisyon Ayiti kout-men teknik peyi sa a bezwen pou l aplike twa lwa sou asistans entènasyonal Palman an ratifye semèn sa a.

Ayiti-Sekirite Eleksyon: Anfen, responsab lapolis ak MINUSTAH nan nò Ayiti anonse y ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo garanti sekirite popilasyon an nan okazyon eleksyon konplemantè ki fikse pou dimanch 29 avril pwochen an.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk korespondan/jounalis nou yo.

XS
SM
MD
LG