Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kont Honduras nan Teguicigalpa


Football

Chivas de Gwadalajara fè match nul 2 a 2 ak Pachuka nan kad semi final ale chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon. Arjantin fè match nul 0 a 0 ak Chili nan kad yon match amikal ant 2 peyi yo.

An Itali AS Wòm fren-nen tantativ Inter de Milan tap fè pou l ranpòte chanpyona Italyen an pou yon 2 ane afile gras ak yon viktwa 3 a 1.

An Afrik Jwè klub Kamerounè Union Duala atake yon abit Gambyen apre li te akòde yon penalite nan fen rankont la--yon defèt ki elimine klub Kamerounè a nan Koup Konfederasyon Afriken an.

Pekin / Olenpik 2008

Komite Olenpik entènasyonal la kontinye eksprime kè sote l akoz trafik ak polusyon ki ekziste nan kapital chinwa a Peken. Komite Olenpik Entènasyonal mande komite òganizatè yo pou gen yon plan durjans pou fè fas ak pwoblèm nan. Sousi sa a eksprime nan moman manke 16 mwa pou je zolenpik yo kòmanse. Yon responsab Komite Olempik la gen pou retounen nan Peken an Oktòb pou fè yon evaluasyon.

Tennis

Nemewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis Monte Carlo a apre li pase Sud Koreyen Lee Hyunk-taik 2 kout rakèt 6-4, 6-3 nan yon rankont ki te dure sèlman 64 minit. Federer pral rankontre espayòl David Ferrer ki te bezwen 2 manch pou l elimine Sèb Novak Djokovic 7-5, 6-4.

Basketball

Golden State Warriors kalifye pou 8 tièm e dènye plas nan konferans de lwès la apre swif 120 a 98 yo pase Portland Trail Blazers. Los Anjeles Clippers tombe devan New Orleans Hornets 86 a 83. Lòt venkè yè Mèkredi a se New Jersey Nets, Cleveland, Orlando, Denver, Washington, Detroit, Memphis, New York, Los Anjeles Lakers, Utah ak DAllas kloture sezon regulye a ak yon viktwa. Faz final la ap demare Samdi.

Cyclisme

Siklis Bèlj Gianni Meersman ranpòte 3 zièm etap kous bisiklèt Tour Jorji a pandan siklis Espayòl David Canada Gracia okipe klasman jeneral la.

XS
SM
MD
LG