Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Reprezantan l OEA ann Ayiti Pwomèt Apui li Pou Demokrasi Ayisyèn nan


Nouvo reprezantan l OEA ann Ayiti, diplomat trinidadyen Arthur Alexander Grey, rive Pòtoprens madi 17 Avril 2007 la. Misye Grey di li plase gwo espwa nan avni demokrasi nan peyi a e li pwomèt pou l ankouraje travay k ap fèt pou garanti avni sa a.

Yon lòt kote, nan Depatman Sid peyi Dayiti, lidè politik ap fòme kowalisyon dekwa pou yo ogmante chans siksè yo nan pwochen eleksyon konplemantè ki fikse pou 29 avril 2007 la.

Pandansetan, nan nò peyi a, kèk kandida denonse desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pran pou l pote chanjman nan pèsonèl kèk biwo rejyonal.

Anfen, nan vil Gonayiv, nouvèl fè konnen yon foul moun sèvi ak kout bwa pou yo touye yon nèg poutèt yo sispèk misye te yon zenglendo.

Klike sou lyen ki anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo avèk korespondan nou nan peyi Dayiti.
XS
SM
MD
LG